Izrayèl Sispann Konba yo Pou twazèdtan Chak Jou Pou Gaza Ka Resevwa Asistans Imanitè
|
By Chérubin Dorcil
Washington, DC
07-01-2009
|
|
| Tank ak blende izrayelyen toupre Gaza 7 Janvye 2009 la
| Lame izrayelyèn nan anonse lap sispann atak li yo sou Hamas nan Gaza, pandan twazèdtan chak jou (ant 11 e 14 è GMT, kidonk sizè pou nevè dimaten ann Ayiti), pou pèmèt èd imanitè antre sou teritwa palestinyen an. Anons sa a fèt apre Izrayèl te deside tabli sa l’rele yon ‘koulwa imanitè’ pou abitan Gaza yo ka ravitaye e achte manje ak pwodui de baz yo bezwen.
Depi kèk jou gen anpil kè-sote akòz mank manje, dlo, ak medikaman nan Gaza. Epitou, Izrayèl anba gwo kritik entènasyonal pou pakèt sivil Palestinyen li touye pandan operasyon yo. Jodi-a, Kabinè Sekirite Izrayèl la pral revize sitiyasyon an e li pral deside si lap voye twoup yo andedan vil yo nan Gaza. Jiskaprezan, lame atake sib ki ozalantou sant vil yo.
Hamas, li-menm, ap kontinye lanse wokèt sou Izrayèl, malgre tou. Men atak yè swa yo sanble pa fè okenn viktim.
Izrayèl te tanmen ofansiv li a samdi 27 desanm-nan, paske justeman Hamas pat sispann tire wokèt sou rejyon sid eta jwif la. Bilan pwovizwa ofansiv izrayelyèn nan: plis ke 670 mò, e yon ka nan yo se sivil. Antretan, gen anviwon 2-mil 500 moun ki blese nan Gaza.
|