VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

07 Janvye 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Izrayèl Sispann Konba yo Pou twazèdtan Chak Jou Pou Gaza Ka Resevwa Asistans Imanitè


07-01-2009

Israeli Armored Personal Carriers drive to the Gaza Strip, near border with Gaza, southern Israel, 07 Jan 2009
Tank ak blende izrayelyen toupre Gaza 7 Janvye 2009 la
Lame izrayelyèn nan anonse lap sispann atak li yo sou Hamas nan Gaza, pandan twazèdtan chak jou (ant 11 e 14 è GMT, kidonk sizè pou nevè dimaten ann Ayiti), pou pèmèt èd imanitè antre sou teritwa palestinyen an. Anons sa a fèt apre Izrayèl te deside tabli sa l’rele yon ‘koulwa imanitè’  pou abitan Gaza yo ka ravitaye e achte manje ak pwodui de baz yo bezwen.

Depi kèk jou gen anpil kè-sote akòz mank manje, dlo, ak medikaman nan Gaza. Epitou, Izrayèl anba gwo kritik entènasyonal pou pakèt sivil Palestinyen li touye pandan operasyon yo. Jodi-a, Kabinè Sekirite Izrayèl la pral revize sitiyasyon an e li pral deside si lap voye twoup yo andedan vil yo nan Gaza. Jiskaprezan, lame atake sib ki ozalantou sant vil yo.

Hamas, li-menm, ap kontinye lanse wokèt sou Izrayèl, malgre tou. Men atak yè swa yo sanble pa fè okenn viktim.

Izrayèl te tanmen ofansiv li a samdi 27 desanm-nan, paske justeman Hamas pat sispann tire wokèt sou rejyon sid eta jwif la. Bilan pwovizwa ofansiv izrayelyèn nan: plis ke 670 mò, e yon ka nan yo se sivil. Antretan, gen anviwon 2-mil 500 moun ki blese nan Gaza.


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl