VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

04 Janvye 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Jn-Claude Duvalier Voye Yon Mesaj Bay Pèp Ayisyen an


04-01-2009

haiti-duvalier-jc
Jn-Claude Duvalier [foto achiv]
Sou antèn yon radyo prive nan eta Florid, ansyen diktatè ayisyen Jean Claude Duvalier, Baby Doc, delivre yon mesaj pou pèp ayisyen an, weekend sa a, nan okazyon ane tou nèf la.

Ansyen Prezidan an deklare apre move tan toujou gen bon tan e bagay yo gen pou yo chanje ann Ayiti. Li mande pèp la, sitou jèn yo, pa dekouraje, e li kite yo ak salitasyon sa a: "A trè byento!"

Korespondan nou nan Orlando Yves Mompremier di nou anpil deba fèt apre diskou sa a sou veritab sans pawòl Baby Doc yo. Eske li ta gen lide retounen nan peyi d Ayiti?

Fè klik sou ralonj anlè tèks la pou w tande repòtaj la ak yon pati nan diskou Jean-Claude Duvalier a.


Listen to This Report Repòtaj Yves Mompremier a
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Repòtaj Yves Mompremier a
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl