VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

08 Janvye 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Prezidan Ayisyen an Pibliye Arete Sou Eleksyon Avril 2009 la


08-01-2009

Rene Preval
            René Préval
Prezidan ayisyen an, René Préval, konvoke pèp la al patisipe nan eleksyon pasyèl pou Sena a, 19 Avril kap vini an. Korespondan nou Rotchild François, Jr. di nou msye Preval mande pèp la tou pou li konble pòs Senatè Nòdès la, Rudolph Boulos, ke Sena a te mete deyò poutèt li se sitwayen yon lòt peyi.

Pati Fusion an, nan vwa youn nan lidè nasyonal li yo-- Victor Benoît--kritike Prezidan an pou pozisyon li adopte sou dosye Senatè Boulos la paske dosye sa devan lajistis.

Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Frantz Gérard Verret, di Lavwadlamerik se KEP a ki mande Chèf Leta a konvoke pèp la al vote pou 12 pòs Senatè.

Fè klik sou ralonj ki anlè, adwat atik sa a pou w tande repòtaj Rotchild la. Ou va tande tou nouvèl ki soti nan depatman Sid la ak Jn-Hernst Eliscar.


Listen to This Report Nouvèl Ayiti Pou 8 Janvye 2009 la
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Nouvèl Ayiti Pou 8 Janvye 2009 la
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl