VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

08 Janvye 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Komisyon 2 Chanm Palman Ayisyen an San Jou pou l' Remèt Rapò l' Sou Eskandal Lajan Dwòg Port-de-Paix a


08-01-2009
Komisyon 2 chanm palman aysiyen an kap ankete sou eskandal detounman lajan dwòg vil
xeno scales of justice 150.jpg
Senbòl Lajistis
Port-de-Paix a (region Nord-Ouest Haïti) ap pare l' pou’l remèt lajustis rapò ankèt li nan fen semèn nan. Komisyon judisyè chanm depite a tap eseye fè limyè sou plizyè milyon "narco-dollars" ki ta disparèt apre yon pèkizisyon ajan lapolis ak ajan Biwo Lit Kont Stipefyan, BLTS, te fè nan metwopòl nòdwès la, Pòd'Pè. Prezidan Komisyon an, depite Arsène Dieujuste di Lavwadlamerik anketè yo finn ranmase enfòmasyon e yo pral prepare rapò yo pou yo voye bay ministè lajistis. Msye Dieujuste ajoute ankèt la sou "la bonne voie".

Yon lòt kote, rezidan ilegal ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn klontinye ap rankontre anpil difikilte. Fòs sekirite Fwontyè Republik dominikèn yo—CESFRONT— fenk voye tounen nan vil Ouanaminthe plizyè santèn travayè agrikòl ayisyen san papye ki te okipe yon legliz dominiken nan vil Dajabón. Jean-Pierre Leroy te kontakte konsil ayisyen nan Dajabón nan, Jn Baptiste Bien-Aimé, e li presize ayisyen yo tap travay « Solidaridad Fronteriza », Solidarite Fwontalyè, yon òganizasyon pè Jezuit dominiken ap dirije. 

Pou fini, (KARLI), Komite Avoka pou Respè Libète Endividyèl ak New England Human Rights-- yon oganizasyon aysiyen kap defann dwa mounn nan vil Boston, Eta Massachusetts, Ozetazini, ak Unyon Paran Elèv ak Pwofesè Ayisyen, voye yon lèt tou louvri bay chef leta ayisyen an, René Préval, pou denonse fason lajustis ak lòt enstitusyon yo ap fonksyone nan peyi a. Responsab KARLI a, se mèt Renan Hédouville. Lap reponn sou ralonj ki anlè, adwat atik sa a, kesyon Lavwad'lamerik.

 


Listen to This Report Prensipal Pwen Aktyalite mèkredi 7 janvye a
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Prensipal Pwen Aktyalite mèkredi 7 janvye a
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl