Kite N Ede W

Zouti ak Resous Sou Entènèt

Èske w ap tann yon ranbousman?

  • IRS peye plis pase 9 sou chak 10 ranbousman nan mwens pase 21 jou.

Kilè pou w tcheke sitiyasyon ranbousman w:

  • Nan espas 24 rè aprè nou resevwa deklarasyon taks ou soumèt sou e-file la; oswa
  • 4 semèn aprè ou voye deklarasyon sou papye w pa lapòs.

Ou dwe rele nou sèlman si:

Prepare w (an Anglè)

Èd pou w ranpli fòm deklarasyon

Deklarasyon

Pou resevwa ranbousman w pi rapid, soumèt deklarasyon w sou e-file epi chwazi depo dirèk pou ranbousman w.

Note Byen: Yo pa kapab di w ki sa AGI ou ye nan telefòn. Pou w konnen AGI ou vit, fen kòmand yon transkripsyon taks sou entènèt.

Voye deklarasyon pa lapòs

Deklarasyon taks sou papye nou voye pa lapòs yo pran anviwon 4 - 6 semèn pou l fin klase.

Kesyon moun poze souvan

Itilize Asistan Taks Entèraktif nou an pou w reponn kesyon w genyen ki an rapò ak taks, tankou:

Suiv pakou sitiyasyon deklarasyon modifye ou depoze a.

  • Ou dwe tann 3 semèn aprè w fè deklarasyon avan w ka itilize zouti ki di Kote Deklarasyon Amande Mwen An.

Ou dwe rele nou sèlman si:

  • Gentan gen plis pase 16 semèn depi w te voye deklarasyon amande w la pa lapòs; oubyen
  • Zouti ki di Kote Deklarasyon Amande Mwen An mande w pou w rele nou.

Telefòn ak Asistans Lokal

Pèsonèl Asistans nan telefòn ka ede nan plizyè sijè, men gade pou w wè ki lis sijè pèsonèl asistans nou yo pa ka abòde (an Anglè). Si w bezwen konkou nan youn nan sijè sa yo:

Verifye idantite w lè w fè yon apèl

Fò delege n yo verifye idantite w anvan yo ka pale zafè enfòmasyon pèsonèl.

Mete bagay sa yo pre lè w rele:

Moun

  • Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ak dat ou fèt
  • Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl (ITIN) pou kontribyab ki pa gen nimewo Sekirite Sosyal
  • Kondisyon sivil taks ou – selibatè, chèf kay, moun marye k ap fè deklarasyon konjwent, oubyen marye k ap fè deklarasyon separe
  • Deklarasyon taks ki te fèt nan ane avan an
  • Deklarasyon taks ou rele pou li a
  • Nenpòt lòt kòrespondans nou te voye ba ou

Moun ki rele pou lòt moun

Moun k ap rele pou yon deklaran ki desede

Nimewo telefòn IRS - Tan W ap Tann Lè W Rele

Sezon Deklarasyon
(Janvye - Avri)

  • Tann atant sèvis telefòn nan ka nan 15 minit yo konsa. Kèk liy sèvis telefòn ka pran plis tan toujou.
  • Tan atant sèvis telefòn nan pi plis tojou lè lendi ak madi, nan fen semèn Presidents Day ki nan mwa Avril zòn dat limit pou dosye deklarasyon taks gentan fèt la.

Sezon Aprè-Deklarasyon
(Me - Desanm)

  • Tann nan telefòn nan ka nan 27 minit yo konsa. Kèk liy sèvis telefòn ka pran plis tan toujou.
  • Tan atant sèvis telefòn nan an jeneral pi plis lè lendi ak madi.

Liy telefòn nou genyen pou ede yo ouvè lendi pou rive vandredi. Rezidan Alaska ak Hawaii dwe obsève fizo orè pasifik. Liy telfòn Pòtoriko yo ouvè depi 8 a.m. jouk rive 8 p.m. lè local.

Poou moun
800-829-1040
7 a.m. pou 7 p.m. lè lokcal

Pou Biznis yo
800-829-4933
7 a.m. pou 7 p.m. lè local

Taks pou San-pwofi yo
877-829-5500
8 a.m. pou 5 p.m. lè local

Taks sou pwopriyete ak kado (Fòm 706/709)
866-699-4083
8 a.m. pou 3:30 p.m. Orè Lès

Taks Espesyal
866-699-4096
​​​​​8 a.m. pou 6 p.m. Fizo orè Lès

Apèl aletranje
Itilize paj Sèvis Entènasyonal nou an.

Apèl moun ki gen pwoblèm tande
TTY/TDD 800-829-4059

Fè demann pou yon rankont fasafas pou yo ede w
Pran randevou nan yon biwo lokal IRS (an Anglè) pou w jwenn asistans. Orè randevou vary selon zafè taks k ap regle ou selon plas kote biwo yo ye.

Pou ede nou pwoteje kontribyab kou anplwaye, Zouti pou Depistaj COVID-19 (an Anglè) la disponib pou moun kapab egzamine tèt yo pou di si yo gen sentòm ki gen rapò ak nouvo Kowonaviris la. Zouti sa a opsyonèl pou anplwaye IRS, pwofesyonèl taks ak lòt moun itilize avan yo antre nan yon bilding IRS. IRS pran angajman pou pwoteje moun kont plis pwopagasyon COVID-19, epi nou ap ankouraje moun pou yo itilize zouti pou depistaj-lib sa a avan yo pase vizite bilding IRS yo.

Ou ka jwenn biwo ki pi pre w lan lè w sèvi ak zouti Lokalizatè Biwo Asistans Kontribyab (an Anglè) la. Jwenn ou jwenn yon biwo lokal, relel 844-545-5640 pou w pran yon randevou.

Biwo IRS yo fèmen jou konje federal yo (an Anglè) .

Lòt Èd Disponib

Kèk kontribyab ka kalifye pou jwenn asistans sou taks gratis.

Si w gen pwoblèm taks akòz pwoblèm finans oubyen menas imedyat yon pwoblèm ou genyen ak IRS ki vin sou ou w poko ka regle, Sèvis Defans pou Kontribyab (TAS, an Anglè) kapab ede w.