Chanjman nan kontni yo

Si ou se yon kontribyab endividyèl, ou ka wè:

  • Montan pèman ou dwe a, ki revize selon jou aktyèl ou ye a
  • Detay konsènan balans ou a  pa ane
  • Istorik pèman ou te fè deja yo ak lòt pèman ou programe oswa ki nan wout
  • Enfòmasyon kle sou pwogram vèsman ou ki soti nan
  • Detay deklarasyon taks  ou, si ou te fè yon plan pèman

 Ou kapab tou:

  • Fè yon pèman sou entènèt
  • Gade nan opsyon sou plan pèman yo epi fè demann yo plan atravè Antant Pèman Sou Entènèt la (Online Payment Agreement)
  • Antre nan dosye taks ou atravè zouti Resevwa Relve Taks ou

Tranpri note byen:

  • Balans ou pa p reyaktyalize plis pase yon sèl fwa chak 24 rè, nòmalman pandan lannuit.
  • Ban nou 1 a 3 semèn avan ou wè pèman ou parèt nan istorik pèman an.

Kreye oswa Gade nan Kont Ou (an Anglè)

Aksesibilite

Genyen pwoblèm konpatibilite ak kèk teknoloji akomodasyon. Konsilte Gid sou Aksesibilite (an Anglè) pou èd si ou sèvi ak yon lektè ekran, loup pou ekran oswa lojisyèl kòmand vokal.

Avi: Moun ki sèvi ak teknoloji VoiceOver ki nan iOS 11, macOS 10.12, ak macOS 10.13 yo ka gen difikilte pou yo aksede a aplikasyon sa a. Si pwoblèm sa a afekte w, tanpri gade nan seksyon ki rele "Lòt fason pou konnen konbyen kòb ou dwe" a.

Lòt fason pou konnen konbyen kòb ou dwe

 

Ou bezwen Peye?

Gade nan opsyon pèman yo.

E Si M Pa Peye Menm?

Nou ka pran deseri mezi pou nou rekipere lajan taks ou pa peye yo.

Pran plis ransèyman sou rekouvreman taks e dwa legal ou genyen (an Anglè)