Kontakte Biwo Lokal Mwen lè M Aletranje

Sèvis Entènasyonal 

Si w se yon konribiyab taks ki gen kesyon espesifik sou yon kont pèsonèl oubyen biznis, ou bezwen kontakte Biwo Apèl TeleFonik Entènasyonèl pou Sèvis KontribiyabTaks nan telefòn oubyen faks. Biwo Apèl Telefonik Entènasyonal fonksyone lendi pou vandredi, soti 6:00 a.m. pou jouk 11:00 p.m. (Fizo orè Lès):

            Tel: 267-941-1000 (sèvis la pa san frè)
            Fax: 681-247-3101 (pou kesyon ki konsène kont taks entènasyonnal sèlman)

Si w se yon pwofesyonèl taks ou byen founisè lojisyèl ki rele sou kesyon e-file, depi se sou koze kont, tanpri kontakte biwo e-help ki nan Austin nan 512-416-7750 (sèvis la pa san frè). Moun pou ede ap disponib lendi pou vandredi soti 7:00 a. m. rive 6:00 p. m. (Fizo Orè Santral).

Sèvis ki te konn ofri pou Kontribiyab taks nan pòs aletranje yo pa disponib ankò.  Tanpri voye enfòmasyon deklarasyon taks ou ak lòt kòrespondans yo nan adrès sila a.

Kontribiyab taks endividyèl yo ki p ap viv Ozetazini ka kontakte IRS pa lapòs nan:
            Internal Revenue Service
            International Accounts
            Philadelphia, PA 19255-0725

Kontribiyab taks sou Biznis yo ki p ap viv Ozetazini ka kontakte IRS pa lapòs nan:

            Internal Revenue Service
            International Accounts
            Ogden, UT 84201-0038

Rezidan Pòtoriko ak Zile Vyèj yo ka kontakte IRS san peye frè nan nimewo 800-829-1040. (Orè Travay kòmanse 7:00 a.m. rive 10:00 p.m. Lendi - Vandredi). Pou rezidan Pòtoriko ki vle jwenn enfòmasyon fas pou fas, se pou yo ale nan Kontakte Biwo Lokal Mwen nan Pòtòriko (an Anglè).

Lòt kesyon ki ka enterese moun:

Biwo Entènasyonal Defans Dwa Kontribiyab Taks: (an Anglè)
pou voye mande konkou sèvis, rele biwo a gratis nan nimewo pi ba yo oubyen ale nan Kontakte yon Defansè Dwa Kontibiyab Taks (LTA) nan Teritwa Karayib yo (Pòtorico & Zile Vyèj) ak Tèritwa Entènasyonal yo (an Anglè) oubyen Kontakte yon Defansè Dwa Kontibiyab Taks (LTA) nan Hawaii & Teritwa Pasifik yo (Guam, Samoa AmeriK epi zile Mariana Nò)  (an Anglè) .

787-522-8601 - Anglè
787-522-8600 - Panyòl
855-818-5697 - Faks