Navige sou zouti taks nou mete a dispozisyon kontribyab endividyèl, biznis, ak pwofesyonèl taks.

Pou Kontribyab Endividyèl

Transkripsyon

Resevwa Transkripsyon
Resevwa yon kopi transkripsyon taks ou sou entènèt oswa pa lapòs.

Deklarasyon

Deklarasyon Gratis
Prepare epi deklare taks sou revni federal ou sou entènèt gratis.

Founisè E-file Otorize (an Anglè)
Chèche yon founisè e-file otorize nan zòn ou rete a ki ka depoze deklarasyon taks ou pa mwayen elektwonik.

Lokalizatè pou Volontè pou Asistans nan Taks sou Revni (an Anglè)
Resevwa asistans nan taks gratis pou moun laj avanse, andikape, moun ki pa byen metrize anglè ak kontribyab ki jeneralman fè mwens pase $54,000 nan ane a.

Achiv Preparatè Deklarasyon Taks Federal yo (an Anglè)
Chèche preparatè ki nan zòn ou ki gen lisans pwofesyonèl IRS rekonèt.

Kote Deklarasyon Modifye Mwen An?
Suiv pakou sitiyasyon deklarasyon modifye ou depoze a.

Ranbousman ak Pèman

Kote Ranbousman Mwen an?
Ou kapab verifye sitiyasyon ranbousman pa w la nan espas 24 rè aprè nou resevwa deklarasyon ou voye atravè e-file la, oubyen anviwon 4 semèn aprè ou poste deklarasyon taks sou papye ou te fè a.

Gade nan Kont Taks ou
Resevwa detay sou montan ou dwe peye pou fini, balans chak ane fiskal ou dwe taks sou yo, epi jiska 18 mwa istorik pèman ou.

Pèman Dirèk
Peye bòdwo taks ou dirèkteman apati de kont kouran oswa epay ou. Sa fèt an tout sekirite.

Antant Pèman Sou Entènèt
Chèche konnen si ou ranpli kondisyon pou antant sou montan taks ou dwe a si ou pa gen lajan pou peye tout kòb la yon sèl kou.

Kalifikasyon Alavans pou Òf Negosyasyon
Chèche konnen si ou ranpli kondisyon pou fè demand pou yon Òf Negosyasyon, yon antant pou peye mwens pase tout montan taks ou dwe a.

Kredi ak Dediksyon

Asistan pou Kredi Taks Sou Revni ou Antre
Chèche konnen si ou ranpli kondisyon yo epi estime montan Kredi Taks Sou Revni ou Antre.

Rechèch sou Òginizasyon ki Ekzonere yo Select Check (an Anglè)
Fè rechèch sou yon òganizasyon charite oswa ki pa Travay pou pwofi epi chèche konnen si li ranpli kondisyon pou resevwa kontribisyon ki redui taks.

Rechèch Kont pou Kredi a Moun Ki Ap Achte Kay Premye Fwa (FTHBC) (an Anglè)
Chèche konnen balans kont ou a pou Kont pou Kredi a Moun Ki Ap Achte Kay Premye Fwa ak istorik pèman ou sou entènèt.

Kalkilatris Fiskal

Estimatè Prelèvman Taks
Evalye ki montan taks sou revni federal anplwayè ou dwe prelve nan salè ou.

Kalkilatris Taks sou Machandiz (an Anglè)
Kalkile montan taks opsyonèl eta e lokal sou machandiz ou ka reklame nan Barèm A ki nan Fòm 1040, Deklarasyon Taks sou Revni Endividyèl Etazini.

Asistans a Kontribyab

Lokalizatè Sant pou Ede Kontribyab (an Anglè)
Chèche jwenn yon Sant pou Ede Kontribyab si pwoblèm taks ou genyen an pa ka rezoud sou entènèt oswa nan telefòn.

Pou Biznis

Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN)
Resevwa EIN ou sou entènèt san ou pa bezwen rele ou ni poste ni fakse yon Fòm SS-4 sou papye, Demand pou Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN).

Kalandriye Taks (an Anglè)
Sonje dat taks ki enpòtan pou biznis ak dat limit dirèkteman apati de òdinatè ou.

Zouti pou Chèche Lis ak Telechaje FATCA FFI (an Anglè)
Itilize zouti pou rechèch ak telechajman an pou chèche konnen si yon Enstitisyon Finansyè Etranje enskri non li nan lis FATCA a.

Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal (EFTPS) (an Anglè)
Peye taks federal ou sou entènèt oswa pa telefòn gras a EFTPS, ki se yon sistèm pou pèman taks gratis.

Pwofesyonèl Taks

Nimewo Idantifikasyon Fiskal Preparatè (PTIN) (an Anglè)
Fè demand oswa renouvle yon PTIN. Sa obligatwa pou nenpòt moun ki prepare ou ede moun prepare deklarasyon taks sou revni federal yo pou lajan.

E-Service pou Pwofesyonèl Taks
Enskri kòm yon patnè dafè akrediti ak IRS epi fè travay ou pa mwayen elektwonik ak IRS.