Body

Zouti Sou Entènèt pou Pwofesyonèl Taks

e-Service se yon ansanm zouti ki baze sou entènèt ki pèmèt pwofesyonèl taks, ajan ki fè rapò, moun ki nan sektè prè imobilye, moun ki ap peye elatrye efektye tranzaksyon sou entènèt ak IRS. Tout itilizatè e-Service yo oblije aksepte Kondisyon Itilizasyon an avan yo resevwa aksè nan kont yo.

Enfòmasyon sou Relve Taks

IRS chanje kondisyon pou fòma ak distribisyon pou relve taks yo. Pwofesyonèl taks otorize yo kapab jwenn aksè nan Sistèm Livrezon Relve a oswa fè demann pou yo voye deseri relve kliyan sou bwat a lèt sekirize e-Service yo a, kote yo kapab rekipere yo aprè sa. Rapèl: Si w ouvri relve ou nan bwat a lèt ou, li ap disponib sèlman pandan 3 jou. Relve ou pako ouvri yo ap disponib pandan 30 jou. Pran plis ransèyman sou nouvo regleman transkripsyon yo (an Anglè).

Eske ou enskri nan Aksè Sekirize?

Tout itilizatè e-Service yo oblije enskri epi kreye yon nouvo kont atravè yon pwosesis otantifikasyon ki rele Aksè Sekirize. Pou efektye pwosesis sa a, seleksyone aplikasyon oswa pwodui e-Service w ap eseye aksede a epi seleksyone swa Sign Up (Anrejistre) oubyen Log In (Konekte). Tanpri ale vizite paj Kesyon Moun Poze Souvan sou e-Service ak Aksè Sekirize (an Anglè) a.


Aplikasyon e-Service

Yo planifye sèvis reparasyon yo chak dimanch apati 12 a.m. jiska 4 p.m. nan lè zòn lès Etazini. Sistèm lan kapab pa disponib pandan lè sa yo.

Sistèm Livrezon Relve (TDS, an Anglè)

Itilize TDS pou ka jwenn aksè nan deklarasyon taks ak done ki gen rapò ak kont klyan.

TIN (Nimewo Idantifikasyon Taks) Koresponn (an Anglè)

Valide gwoupman TIN ak non an avan ou soumèt yon deklarasyon enfòmasyon. Gen opsyon an gwo e enteraktif

Founisè Sèvis e-File (an Anglè)

Fè demand epi patisipe nan sèvis e-file deklarasyon taks.

Sèvis (Lwa Sante a Bon Pri) (ACA, an Anglè)

Fè demand epi patisipe nan sèvis e-file pou deklarasyon enfòmasyon ki gen rapò a ACA.

Sèvis Ajans Eta yo (an Anglè)

Patisipe nan TDS epi pwodui rapò ekstrè.

Èd ak Enskripsyon

Si ou pa kapab enskri sou entènèt epi ou bezwen asistans:

  Rele IRS

Enskripsyon nan Aksè Sekirize
888-841-4648

e-Services
866-255-0654

Sèvis Affordable Care Act
866-937-4130

  Orè: 7:30 a.m. – 7 p.m. Lè Zòn Lès Etazini

Kontakte Biwo e-help elatrye (an Anglè)

Chanje Done Enskripsyon

Konekte nan Resevwa Transkripsyon sou Entènèt (an Anglè) epi seleksyone “Profile

Achiv Pyès Sekirize (APS)

Rekipere rezilta lè ou fè transkripsyon yo koresponn a TIN apati yon bwat a lèt sekirize.

           Aksede a APS (SOR) (an Anglè)