Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Toujou fè pratik egzèsis deplasman nan espas travay epitou anvizaje konsève yon pi piti vèsyon twous pwovizyon pou ijans nan biwo ou.

Loraj

Ozetazini, kout-zèklè touye 300 moun ak domaje 80 moun an mwayèn chak ane. Tout loraj yo vini ak kout-zèklè, epitou tout kout-zèklè yo kapab reprezante yon danje. Pami danje sa yo kapab genyen tònad, van fò, lagrèl, dife forè, ak inondasyon toudenkou, ki responsab pou plis ka lanmò pase nenpòt lòt danje ki asosye ak loraj.

Risk kout-zèklè pou moun ak pwopriyete yo ogmante paske yo pa kapab prevwa yo, sa ki montre kijan li enpòtan pou prepare. Si frape souvan deyò gwo lapli epitou li kapab rive sou yon distans 10 mil ak nenpòt presipitasyon. Pifò ka lanmò ak domaj nan kout-zèklè rive lè moun yo rete deyò pandan mwa lete nan apremidi ak aswè.

Etap 1: Jwenn yon Twous

Jwenn yon Twous Pwovizyon pou Ijans, ki genyen ladan atik tankou manje ki p ap gate, dlo, ak yon radyo ki fonksyone avèk pil oswa avèk manivèl, flach ak pil siplemantè.

Etap 2: Fè yon Plan

Prepare Fanmi Ou

  • Fè yon Plan-Dijans pou Fanmi Ou.
  • Fè founisè sèvis gadri ak travayè sosyal ou konnen plan ou.
  • Swiv yon klas Ekip Repons pou Ijans nan Kominote (CERT) nan Citizen Corps chapter ki nan zòn ou (nan lang Angle) Mete ou ajou avèk fòmasyon an.
  • Sonje 30/30 Règ Pwoteksyon nan Kout-Zèklè: Antre andedan si, apre ou fin wè yon kout-zèklè, ou pa kapab konte jiska 30 anvan ou tande kout-loraj la. Rete andedan pandan 30 minit apre ou fin tande dènye kout-loraj la.

Etap 3: Enfòme Ou

Abitye ou avèk tèm ki itilize pou idantifye yon danje loraj.

  • Yon alèt pou loraj vle di gen yon posiblite pou gen yon loraj nan zòn ou.
  • Yon avètisman pou loraj vle di genyen yon loraj oswa ap kapab genyen yon loraj nan yon ti tan. Si yo mande ou pou pran refij, fè sa imedyatman.

Prepare Lakay Ou

  • Retire pyebwa ak branch ki sèch oswa pouri ki ta kapab tonbe ak lakòz domaj oswa dega pandan yon gwo loraj.
  • Tache objè deyò ki ta kapab vole oswa lakòz dega.
  • Fèmen fenèt yo byen epi mete sipò padèyè pòt yo. Si pèsyèn yo pa disponib, fèmen fasad fenèt yo, aba-jou yo oswa rido yo.
  • Chèche konnen kijan pou pwoteje manje pandan ak apre yon ijans lè ou ale nan: http://www.foodsafety.gov/keep/emergency/index.html (nan lang Angle)

Koute Ofisyèl Lokal yo

Aprann kichòy sou plan-dijans gouvènman leta ak gouvènman lokal ou te kreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstriksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.

Pou jwenn lòt enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou loraj, epitou sa pou fè pandan ak apre yon loraj, vizite: Federal Emergency Management Agency (nan lang Angle), NOAA Watch (nan lang Angle), oswa American Red Cross (nan lang Angle).