Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Asire ou genyen yon foto ou ak bèt kay ou ansanm. Sa ap ede ou montre dokiman kòm pwopriyetè bèt la ak idantifye bèt kay ou si li ta separe ak ou pandan yon ijans.

Gwo-gwo Chalè

Yon gwo-gwo chalè se yon peryòd long lè li fè cho anpil, epi peryòd la vini avèk anpil imidite. Kondisyon sa yo kapab danjere epi menm menase lavi pou moun ki pa pran bon jan prekosyon.

Etap 1: Jwenn yon Twous

  • Jwenn yon Twous Pwovizyon pou Ijans, ki genyen ladan atik tankou manje ki p ap gate, dlo, ak yon radyo ki fonksyone avèk pil oswa avèk manivèl, flach ak pil siplemantè.

Etap 2: Fè yon Plan

Prepare Fanmi Ou

  • Fè yon Plan-Dijans pou Fanmi Ou. Fanmi ou kapab pa ansanm lè genyen yon katastwòf, kidonk li enpòtan pou konnen kijan youn ap kontakte lòt, kijan n ap tounen ansanm ak sa w ap fè sizoka genyen yon ijans.
  • Plan mete kote fanmi ou ap reyini, nan ak deyò katye imedyat ou.
  • Li kapab pi fasil pou fè yon apèl entè-iben pase pou rele nan vilaj la, kidonk yon kontak deyò vil la kapab nan yon pi bon pozisyon pou kominike avèk manm fanmi ki separe yo.
  • Ou kapab vle chèche enfòmasyon tou sou plan nan kote fanmi ou yo pase tan: travay, gadri ak lekòl. Si pa genyen plan, anvizaje sèvi kòm volontè pou kreye youn.
  • Asire ou konsidere bezwen espesifik manm fanmi ou
    • Fè travayè sosyal ak founisè sèvis gadri yo konnen plan ou.
    • Fè plan pou bèt kay ou
  • Swiv yon klas Ekip Repons pou Ijans nan Kominote (CERT) nan Citizen Corps chapter ki nan zòn ou (nan lang Angle) Mete ou ajou avèk fòmasyon an.

Etap 3: Enfòme Ou

Prepare Lakay Ou

  • Enstale è-kondisyone fenèt yo kòrèkteman; izole yo si li nesesè.
  • Tcheke tib reglaj lè a pou bon jan izolasyon.
  • Enstale reflektè fenèt tanporè (pou itilize ant fenèt yo ak rido yo), tankou katon ki kouvri avèk papye aliminyòm, pou fè chalè sòti deyò.
  • Pòt kont kouran lè ak rebò pòt yo pou kenbe lè a fre andedan.
  • Kouvri fenèt ki resevwa solèy maten ak apremidi avèk rido, tent, ovan, oswa pèsyèn. (Ovan oswa pèsyèn ki bay sou deyò kapab diminye chalè ki antre nan yon kay a apeprè 80 pousan.)
  • Kite doub-fenèt yo louvri pandan tout ane a.

Koute Ofisyèl Lokal yo

Aprann kichòy sou plan-dijans gouvènman leta ak gouvènman lokal ou te kreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstriksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.

Pou jwenn lòt enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou gwo-gwo chalè, ale nan sit wèb: Federal Emergency Management Agency (nan lang Angle), NOAA Watch (nan lang Angle) oswa American Red Cross (nan lang Angle).