Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Aksè nan enfòmasyon sou preparasyon pou ijans nan sit wèb gouvènman vil, konte ak/oswa eta kote w ap viv la pou jwenn nimewo telefòn ak adrès enpòtan.

Menas Byolojik

Rezime

Yon atak byolojik se lè yon moun fè espre pou simen mikwòb oswa lòt sibstans byolojik ki kapab fè ou malad. Sa lakòz ou inale anpil ajan, yo antre nan yon blesi ki nan po ou oswa ou manje yo pou fè ou malad. Kèk ajan byolojik, tankou antraks, pa lakòz maladi kontajye. Lòt ajan yo, tankou viris lavaryòl, kapab lakòz maladi ou kapab pran nan lòt moun.

Si Genyen yon Menas Byolojik

Kontrèman ak yon eksplozyon, yon atak byolojik kapab oswa pa kapab evidan imedyatman. Alòske li posib pou ou wè siy yon atak byolojik, tankou sa ki te pase pafwa avèk kourye ki genyen antraks yo, genyen pètèt plis chans pou travayè swen sante lokal yo rapòte yon modèl maladi iregilye oswa ap genyen yon pakèt moun malad ki vin pran swen medikal pou ijans. W ap pètèt aprann danje a nan yon emisyon televizyon radyo ijans, oswa nan kèk lòt siyal yo itilize nan kominote ou. Ou ta kapab resevwa yon apèl telefonik oswa travayè repons pou ijans yo kapab vin frape pòt ou.

Sizoka genyen yon atak byolojik, ofisyèl sante piblik yo kapab pa anmezi imedyatman pou bay enfòmasyon sou sa ou ta dwe fè. Sa ap pran tan pou detèmine egzakteman ki maladi li ye, kijan maladi a ta dwe trete, epi kimoun ki andanje. Men, ou ta dwe gade televizyon, koute radyo, oswa tcheke Entènèt pou jwenn nouvèl ofisyèl tankou sa ki anba la a:

  • Èske ou nan gwoup oswa zòn otorite yo konsidere ki menase?
  • Ki siy ak sentòm maladi a?
  • Èske y ap distribiye medikaman oswa vaksen?
  • Ki kote? Kimoun ki ta dwe pran yo?
  • Ki kote ou ta dwe chèche swen medikal pou ijans si ou vin malad?

Pandan yon ijans byolojik ki deklare:

  1. Si yon manm fanmi vin malad, li enpòtan pou vijilan.
  2. Men pa sipoze ou ta dwe ale nan yon sal-dijans lopital oswa nenpòt maladi se rezilta atak byolojik la. Sentòm anpil maladi komen kapab parèt anmenmtan.
  3. Pran tèt ou, fè pratik bon ijyèn ak pwòprete pou evite mikwòb yo gaye, epi pou chèche konsèy medikal.
  4. Konsidere si ou nan gwoup oswa zòn otorite yo kwè ki menase.
  5. Si genyen menm sentòm ak sa yo dekri yo epi ou nan gwoup yo konsidere ki menase yo, chèche swen medikal pou ijans imedyatman.

Si ou kapab vin ekspoze:

  1. Swiv enstriksyon doktè yo ak lòt ofisyèl sante piblik yo.
  2. Si maladi a se yon maladi ki kontajye anvizaje resevwa evalyasyon ak tretman medikal. Ou kapab jwenn konsèy pou rete lwen lòt moun oswa ou kapab izole tèt ou poukont ou.
  3. Pou maladi ki pa kontajye yo, anvizaje resevwa evalyasyon ak tretman medikal.

Si ou vin konnen genyen yon sibstans iregilye oswa sispèk ki toupre:

  1. Deplase vit.
  2. Pwoteje tèt ou. Kouvri bouch ou ak nen ou avèk kouch twal ki kapab filtre lè a men toujou pèmèt ou respire. Pami egzanp yo, genyen de (2) a twa (3) kouch koton tankou tichòt, mouchwa oswa sèvyèt. Sinon, plizyè kouch twal oswa sèvyèt papye kapab ede ou.
  3. Lave avèk savon ak dlo.
  4. Kontakte otorite yo.
  5. Gade televizyon, koute radyo, oswa tcheke Entènèt pou jwenn nouvèl ak enfòmasyon ofisyèl tankou nouvèl ak enfòmasyon ki endike sa siy ak sentòm yo ye, si y ap distribiye medikaman oswa vaksen epi ki kote ou ta dwe resevwa swen medikal si ou vin malad.
  6. Si ou vin malad chèche swen medikal pou ijans.