Kredi taks sou revni, EITC oubyen EIC, se yon benefis pou moun k ap travay ak revni ki ba jiska yon revni ki pasab. Pou kalifye pou benefis sa a, ou dwe ranpli kèk kondisyon epi ranpli yon deklarasyon taks, menm si w pa dwe okenn taks oubyen w pa ta gen obligasyon pou ranpli deklarasyon taks la. EITC diminye kantite taks ou dwe a epi li ka ba w yon ranbousman.

Kilè mwen ka espere jwenn ranbousman mwen an?

Si w reklame kredi taks sou revni w la (EITC) oubyen kredi taks adisyonèl pou timoun (ACTC) sou deklarasyon taks ou, dapre lalwa IRS, pa ka ba w ranbousman anvan mitan mwa fevriye a. Chache pou konnen plis sou kilè w kapab espere jwenn ranbousman w la (an Anglè).
 
Aprè w fin ranpli deklarasyon w la, pi bon fason pou swiv ranbousman w se kote ki di Kote ranbousman mwen an ye? oswa nan aplikasyon mobil IRS2Go.

Kilès ki kalifye

Èske mwen kalifye pou EITC?

Pou kalifye pou EITC (an Anglè), ou ta dwe touche yon salè pandan w t ap travay pou yon moun oubyen w responsab oswa posede yon biznis oubyen yon fèm epi w reponn ak règleman bazik yo. Epi, ou dwe swa reponn ak règleman adisyonèl pou travayè yo san yon timoun ki kalifye oubyen ak yon timoun ki reponn ak tout règ pou timoun ki kalifye pou ou.

Ou ka itilize Piblikasyon 5334, Èske mwen kalifye pou EITC? (an Anglè) PDF pou wè si w kalifye pou EITC.

Asistan EITC

Sèvi ak Asistan EITC a pou wè si w kalifye pou ane fiskal: 2019, 2018 ak 2017. Asistan EITC a ap ede w chèche konnen si w kalifye pou ranpli taks ou, si pitit ou a se yon timoun ki kalifye, si w kalifye epi estime kantite EITC ou ka jwenn.

Limit sou Revni ak Tablo

Gade Limit Revni EITC ak Kantite Maksimòm Kredi pou ane aktyèl la, ane anvan yo ak ane taks k ap vini an.

Reklamasyon EITC

Kouman pou mwen reklame EITC? (an Anglè)

Ou bezwen ranpli yon deklarasyon taks pou w reklame EITC. Chache konnen:

  • dokiman ou bezwen yo
  • Erè komen yo pou siveye
  • konsekans lè w ranpli yon fòm EITC avèk erè                           
  • kouman pou jwenn èd pou prepare retou taks ou
  • kisa w bezwen fè si yo refize fòm EITC w la nan yon ane anva
  • kòman pou reklame kredi pou ane fiskal avan yo

Resevwa yon Avi

Mwen resevwa yon lèt IRS konsènan EITC, kisa mwen ta dwe fè? (an Anglè)

Nou voye lèt konsenan EITC pou rezon sa yo:

  • Pou sijere w reklame EITC si w kalifye
  • Pou mande w pou voye enfòmasyon pou verifye reklamasyon EITC ou a
  • Pou bay enfòmasyon enpòtan sou reklamasyon w la

Paj lèt/avi  (an Anglè) sa a pèmèt ou konnen kisa w bezwen fè si w resevwa yon lèt oswa yon avi nan men nou sou EITC.

Resous espesyalize

Vizite Santral EITC (an Anglè) pou zouti ak enfòmasyon ki adapte espesyalman pou patnè IRS yo, òganizasyon kominote yo, anplwayè yo, ajans gouvènman yo ak biwo yo, epi moun ki prepare taks yo.

Timoun ki disparèt

IRS fè patenarya ak Sant Nasyonal pou Timoun ki disparèt ak sa yo eksplwate (NCMEC) (lyen ekstèn)
pou ede nan rechèch timoun ki disparèt yo. Pou plis enfòmasyon: