By Executive Order, all TACs will be closed on 12/24/20 Pran yon Randevou Se sou randevou Sant Asistans pou Kontribyab yo fonksyone. Lè w rive, mete kachne epi obsève yon distans 6 pye ant oumenm ak lòt moun. Chanje dat randevou w la si w santi w malad. Pou w ale nan Sant Asistans kontribyab pa w la, ou dwe: Jwenn biwo (an Anglè) kote ou bezwen ale a Rele nimewo biwo a pou randevou, epi pran yon randevou Jwenn kote yon Biwo Sant Asistans Kontribyab ye (an Anglè) Mete 5 chif Kòd Postal ou Sant Asistans Kontribyab yo fèmen pandan jou konje federal yo (an Anglè). Prepare w pou Randevou pa w la Kase randevou pa w la alavans. Mache ak bagay sila yo pou randevou a: Yon pyès idantite gouvènman an bay epi ki gen foto w sou li e ki pa ekspire. Yon nimewo idantifikasyon kontribyab, tankou yon nimewo Sekirite Sosyal (Social Security). Nenpòt lòt dokiman w ap bezwen pou randevou a. Si w ap fè demann oubyen renouvle Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (ITIN) ou, gade nan Kijan pou M Renouvle ITIN Mwen epi pare pou bay enfòmasyon ki nan dokiman w yo. Itilize Zouti Depistay COVID-19 nou ofri a (an Anglè) pou w pwoteje tèt ou ak anplwaye nou yo. Si w santi w malad, chanje dat randevou w la. Mete kachne. Obsève 6 pye distans ant ou menm ak lòt moun. Jwenn Sèvis Pi Rapid W ap jwenn moun ede w ak pi fò pwoblèm taks yo sou entènèt oswa nan telefòn. Sou IRS.gov, ou ka: Etabli yon plan pèman Resevwa yon relve deklarayon taks ou Fè yon pèman Verifye ki bò yo ye ak ranbousman w lan Jwenn repons pou anpil kesyon taks (an Anglè) ou vle poze yo Soumèt deklarasyon taks ou an sou nèt la Pran san w gade enfòmasyon ki nan kont ou an Chèche konnen kibò pou w soumèt deklarasyon w Chèche volontè pou ede w prepare taks ou yo Pran yon Randevou Ou Pa Gen Fòm SSA-1099 Ou? Resevwa yon ranplasman imedya lè ou louvri yon kont my Social Security accountgratis. Kòmanse Kounye a La! (an Anglè) Deklarasyon Dwa Kontribyab yo Sa ou sipoze konnen (an Anglè) Resevwa Fòmilè 1 Pa Ou Pi Rapid Soumèt Fòm 2290 atravè e-file (an Anglè)