Verifye nan ki Sitiyasyon Pèman Pa W la Ye Chèche konnen sitiyasyon chèk relans ekonomik pa w la sou Pèman Akoz Chòk Ekonomik (an Anglè). Enfòmasyon sou pèman ak kat EIP (pèman) ou pa disponib nan kont taks ou a. Si ou se yon kontribyab endividyèl, ou ka wè: Montan pèman ou dwe a, ki revize selon jou aktyèl ou ye a Detay konsènan balans ou a pa ane Istorik pèman ou te fè deja yo ak lòt pèman ou programe oswa ki nan wout Enfòmasyon kle sou pwogram vèsman ou ki soti nan Detay deklarasyon taks ou, si ou te fè yon plan pèman Ou kapab tou: Fè yon pèman sou entènèt Gade nan opsyon sou plan pèman yo epi fè demann yo plan atravè Antant Pèman Sou Entènèt la (Online Payment Agreement) Antre nan dosye taks ou atravè zouti Resevwa Relve Taks ou Tranpri note byen: Balans ou pa p reyaktyalize plis pase yon sèl fwa chak 24 rè, nòmalman pandan lannuit. Ban nou 1 a 3 semèn avan ou wè pèman ou parèt nan istorik pèman an. Kreye oswa Gade nan Kont Ou (an Anglè) Zouti sa a disponib pandan lè sa yo: Lendi 6:00 a.m. a Samdi 9:00 p.m. Lè Zòn Lès Etazini Dimanch: 10:00 a.m. a minui Lè Zòn Lès Etazini (Kèk fwa sistèm lan ap an pàn pandan plis tan pou sèvis antretyen) Aksesibilite Genyen pwoblèm konpatibilite ak kèk teknoloji akomodasyon. Konsilte Gid sou Aksesibilite (an Anglè) pou èd si ou sèvi ak yon lektè ekran, loup pou ekran oswa lojisyèl kòmand vokal. Avi: Moun ki sèvi ak teknoloji VoiceOver ki nan iOS 11, macOS 10.12, ak macOS 10.13 yo ka gen difikilte pou yo aksede a aplikasyon sa a. Si pwoblèm sa a afekte w, tanpri gade nan seksyon ki rele "Lòt fason pou konnen konbyen kòb ou dwe" a. Lòt fason pou konnen konbyen kòb ou dwe Si ou se yon biznis, oswa yon moun ki te soumèt yon fòm ki diferan de 1040, ou ka resevwa yon transkripsyon lè ou soumèt Fòm 4506-T, Fè Demand Transkripsyon Deklarasyon Taks (an Anglè). Kontribyab endividyèl ki te soumèt Fòm 1040, 1040A oswa 1040EZ ka fè demand pou yon Transkripsyon Kont. Tanpri se pou konnen ke chak Transkripsyon Kont konsène sèlman yon sèl ane fiskal, kidonk li ka pa montre dènye amand, enterè, chanjman oswa aksyon ki an atant. Resevwa plis èd toujou. Enfòmasyon ki an rapò ak sa Kontestasyon (an Anglè) Sijè No. 653 Notifikasyon ak Bòdwo IRS, Sanksyon, ak Enterè Pou Peye (an Anglè) Ou bezwen Peye? Gade nan opsyon pèman yo. E Si M Pa Peye Menm? Nou ka pran deseri mezi pou nou rekipere lajan taks ou pa peye yo. Pran plis ransèyman sou rekouvreman taks e dwa legal ou genyen (an Anglè)