Kredi taks sou revni, EITC oubyen EIC, se yon benefis pou moun k ap travay ak revni ki ba jiska yon revni ki pasab. Pou kalifye pou benefis sa a, ou dwe ranpli kèk kondisyon epi ranpli yon deklarasyon taks, menm si w pa dwe okenn taks oubyen w pa ta gen obligasyon pou ranpli deklarasyon taks la. EITC diminye kantite taks ou dwe a epi li ka ba w yon ranbousman. Kilè mwen ka espere jwenn ranbousman mwen an? Si w reklame kredi taks sou revni w la (EITC) oubyen kredi taks adisyonèl pou timoun (ACTC) sou deklarasyon taks ou, dapre lalwa IRS, pa ka ba w ranbousman anvan mitan mwa fevriye a. Chache pou konnen plis sou kilè w kapab espere jwenn ranbousman w la (an Anglè). Aprè w fin ranpli deklarasyon w la, pi bon fason pou swiv ranbousman w se kote ki di Kote ranbousman mwen an ye? oswa nan aplikasyon mobil IRS2Go. Kilès ki kalifye Èske mwen kalifye pou EITC? Pou kalifye pou EITC (an Anglè), ou ta dwe touche yon salè pandan w t ap travay pou yon moun oubyen w responsab oswa posede yon biznis oubyen yon fèm epi w reponn ak règleman bazik yo. Epi, ou dwe swa reponn ak règleman adisyonèl pou travayè yo san yon timoun ki kalifye oubyen ak yon timoun ki reponn ak tout règ pou timoun ki kalifye pou ou. Ou ka itilize Piblikasyon 5334, Èske mwen kalifye pou EITC? (an Anglè) PDF pou wè si w kalifye pou EITC. Asistan EITC Sèvi ak Asistan EITC a pou wè si w kalifye pou ane fiskal: 2019, 2018 ak 2017. Asistan EITC a ap ede w chèche konnen si w kalifye pou ranpli taks ou, si pitit ou a se yon timoun ki kalifye, si w kalifye epi estime kantite EITC ou ka jwenn. Limit sou Revni ak Tablo Gade Limit Revni EITC ak Kantite Maksimòm Kredi pou ane aktyèl la, ane anvan yo ak ane taks k ap vini an. Reklamasyon EITC Kouman pou mwen reklame EITC? (an Anglè) Ou bezwen ranpli yon deklarasyon taks pou w reklame EITC. Chache konnen: dokiman ou bezwen yo Erè komen yo pou siveye konsekans lè w ranpli yon fòm EITC avèk erè kouman pou jwenn èd pou prepare retou taks ou kisa w bezwen fè si yo refize fòm EITC w la nan yon ane anva kòman pou reklame kredi pou ane fiskal avan yo Resevwa yon Avi Mwen resevwa yon lèt IRS konsènan EITC, kisa mwen ta dwe fè? (an Anglè) Nou voye lèt konsenan EITC pou rezon sa yo: Pou sijere w reklame EITC si w kalifye Pou mande w pou voye enfòmasyon pou verifye reklamasyon EITC ou a Pou bay enfòmasyon enpòtan sou reklamasyon w la Paj lèt/avi (an Anglè) sa a pèmèt ou konnen kisa w bezwen fè si w resevwa yon lèt oswa yon avi nan men nou sou EITC. Resous espesyalize Vizite Santral EITC (an Anglè) pou zouti ak enfòmasyon ki adapte espesyalman pou patnè IRS yo, òganizasyon kominote yo, anplwayè yo, ajans gouvènman yo ak biwo yo, epi moun ki prepare taks yo. Bwat enfòmasyon pou sansibilizasyon (an Anglè) Bwat enfòmasyon Ranbousman Kredi pou kredi Edikasyon ak kredi taks pou Timoun (an Anglè) Bwat enfòmasyon pou moun k ap prepare deklarasyon taks (an Anglè) Maketing rapid (an Anglè) Enfòmasyon pou laprès (an Anglè) Timoun ki disparèt IRS fè patenarya ak Sant Nasyonal pou Timoun ki disparèt ak sa yo eksplwate (NCMEC) (lyen ekstèn) pou ede nan rechèch timoun ki disparèt yo. Pou plis enfòmasyon: Vizite sit entènèt NCMEC (lyen ekstèn)(an Anglè). Rele NCMEC nan 800-843-5678. Èd pou EITC Kredi Taks sou Revni (EITC) Eske Mwen Kalifye pou Kredi Taks sou Revni ou Antre EITC (an Anglè) Reklame Kredi Taks sou Revni ou Antre EITC (an Anglè) Itilize Asistan pou EITC Èd ak Asistans pou EITC (an Anglè) Rapò ak Estatistik pou EITC yo (an Anglè) Limit sou Revni ak Montan Kredi Maksimòm pou Kredi Taks sou Revni ou Antre Lèt ak Odit pou EITC (an Anglè) Piblikasyon 596 (2019), Kredi Taks sou Revni ou Antre EITC (an Anglè) Lòt Kredi ki Ranbousab Benefis Taks ki an Rapò ak Timoun (an Anglè) Kredi Edikasyon AOTC LLC (an Anglè) Rechèch sou Kont pou Moun ki ap Achte Kay Premye Fwa (an Anglè) Kenbe Plis nan Kòb ou Antre Kredi Taks sou Revni ou Antre a ede travayè ak fanmi a revni fèb a modere yo pran yon souf ak taks. Gade si ou kalifye Santral pou EITC ak Kredi Ranbousab Zouti ak resous pou patenè IRS yo, òganizasyon kominotè, anplwayè, ajans gouvènmantal ak biwo, ak moun ki prepare taks pou moun yo. Resevwa Resous pou Kredi Ranbousab yo (an Anglè)