Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Ranpli yon kat kontak pou ijans epi fè kopi pou chak manm fanmi ou pote avèk yo.

Dife Forè

Dapre sit wèb Weather.com (nan lang Angle), yon mwayèn 1.2 milyon ak tè bwaze boule chak ane Ozetazini, epitou se yon moun ki lakòz plis pase kat (4) sou chak senk (5) dife forè million. U.S. Fire Administration (nan lang Angle) te rapòte pou ane 2005 sèlman, te genyen 66,552 dife forè, epi 8,686,753 ak tè te boule. Si w ap viv kote genyen yon anpil plant ak lòt vejetasyon ki kapab pran dife fasil, ou kapab frajil pou dife forè, epitou ou ta dwe twa (3) mezi senp ki anba la a yo pou prepare:

Etap 1: Jwenn yon Twous

Jwenn yon Twous Pwovizyon pou Ijans, ki genyen ladan atik tankou manje ki p ap gate, dlo, ak yon radyo ki fonksyone avèk pil oswa avèk manivèl, flach ak pil siplemantè. Ou kapab vle prepare yon twous pòtab epi konsève li nan vwati ou. Twous sa a ta dwe genyen:

  • Kopi medikaman sou preskripsyon ak ekipman medikal;
  • Atik pou kouche ak rad, tankou sak kouchaj ak zòrye;
  • Dlo nan boutèy, yon radyo ki fonksyone ak pil ak pil siplemantè, yon twous premye swen, yon flach;
  • kopi dokiman enpòtan: pèmi kondui, kat Sekirite Sosyal, prèv rezidans, kontra asirans, testaman, paye kay, batistè ak sètifika maryaj, dosye taks, elatriye.

Etap 2: Fè yon Plan

Prepare Fanmi Ou

  • Fè yon Plan-Dijans pou Fanmi Ou. Fanmi ou kapab pa ansanm lè genyen yon katastwòf, kidonk li enpòtan pou konnen kijan youn ap kontakte lòt, kijan n ap tounen ansanm ak sa w ap fè sizoka genyen yon ijans.
  • Plan mete kote fanmi ou ap reyini, nan ak deyò katye imedyat ou.
  • Li kapab pi fasil pou fè yon apèl entè-iben pase pou rele nan vilaj la, kidonk yon kontak deyò vil la kapab nan yon pi bon pozisyon pou kominike avèk manm fanmi ki separe yo.
  • Ou kapab vle chèche enfòmasyon tou sou plan nan kote fanmi ou yo pase tan: travay, gadri ak lekòl. Si pa genyen plan, anvizaje sèvi kòm volontè pou kreye youn.
  • Plan pou Deplase
    • Idantifye davans kote fanmi ou ap rankontre, andedan ak deyò katye imedyat ou.
    • Idantifye plizyè kote ou ta kapab ale nan yon ijans, lakay yon zanmi nan yon lòt vilaj, yon motèl oswa yon abri piblik.
    • Si ou pa genyen yon vwati, planifye yon lòt mwayen pou deplase.
    • Si ou genyen yon vwati, kite yon mwatye tank gaz ladan toutan sizoka ou bezwen deplase.
    • Pran Twous Pwovizyon pou Ijans ou.
    • Ale avèk bèt kay ou yo avèk ou, men ou dwe konprann se sèl bèt-gid yo aksepte nan abri piblik yo. Planifye kijan w ap pran swen bèt kay ou nan yon ijans.
  • Swiv yon klas Ekip Repons pou Ijans nan Kominote (CERT) nan Citizen Corps chapter ki nan zòn ou (nan lang Angle) Mete ou ajou avèk fòmasyon an.
  • Rapòte kondisyon danjere ki ta kapab lakòz yon dife forè.
  • Montre timoun yo pwoteksyon kont dife. Pa kite alimèt kote pou timoun kapab jwenn yo.
  • Montre chak manm fanmi ou kijan pou yo itilize ekstenktè (tip ABC), epitou montre yo kote ekstenktè a ye.

Etap 3: Enfòme Ou

Prepare Lakay Ou

  • Pwoteje pwopriyete ou kont dife forè. Pou fè sa, konsevwa ak amenaje kay ou avèk pwoteksyon kont dife nan lespri ou.
  • Chwazi materyèl ak plant ki kapab ede limite dife olye li agrave dife.
  • Itilize sibstans rezistan oswa ki pa konbistib sou twati estrikti deyò kay ou. Trete bwa oswa sibstans konbistib ki itilize nan twati, fas deyò miray oswa randui avèk sibstans retadatè konbistyon ki gen apwobasyon UL.
  • Plante pyebwa ak ti pyebwa ki rezistan nan dife. Pa egzanp, pyebwa di yo mwen flamab pase pye pen, pyebwa ki toujou gen fèy, ekaliptis oswa pye sapen.
  • Netwaye twati ak kanivo yo regilyèman.
  • Enspekte chemine yo omwen de (2) fwa pa ane. Netwaye yo omwen yon fwa pa ane. Kite rejis yo nan bon eta fonksyònman. Ekipe chemine yo ak rejis yo avèk yon eklatè ki satisfè egzijans Kòd 211 Asosyasyon Nasyonal Pwoteksyon kont Dife (Kontakte depatman ponpye lokal ou pou jwenn espesifikasyon egzat yo.)
  • Itilize 1/2 pous griy-a-may anba zòn galri yo, teras yo, sòl la ak kay la poukont li. Epitou, mete griy nan ouvèti sòl yo, twati a ak galta a.
  • Enstale yon detektè lafimen nan chak etaj kay la, sitou toupre chanm yo; teste yo chak mwa epi chanje pil ki ladan yo omwen yon fwa chak ane.
  • Kite yon nechèl k ap rive nan twati a.
  • Anvizaje enstale pèsyèn pwoteksyon oswa rido lou ki rezistan nan dife.
  • Kite atik kay la ki kapab itilize kòm zouti dife souplas: yon rato, hach, goyin oswa si-a-chenn, bokit ak pèl.
  • Idantifye ak konsève yon sous dlo deyò ki konvnab tankou yon ti ma-dlo, sitèn, pui, pisin oswa priz-dlo.
  • Ou ta dwe genyen yon kawotchou awozaj ki long ase pou rive nan nenpòt zòn kay la ak lòt estrikti ki sou pwopriyete a.
  • Enstale priz-dlo deyò ki p ap konjle nan omwen de (2) kote lakay ou ak toupre lòt estrikti ki sou pwopriyete a. Enstale priz-dlo adisyonèl omwen a 50 pye ak lakay ou.
  • Anvizaje jwenn yon ponp pòtab ki fonksyone ak gazolin sizoka pa ta genyen kouran elektrik.
  • Kreye yon Zòn Sekirite 30 a 100 Pye Toutotou Lakay Ou:
    • Nan zòn sa a, ou kapab pran mezi pou diminye posiblite pou kay ou ekspoze nan flanm ak nan gwo chalè. Kay ki bati nan forè pye pen yo ta dwe genyen yon zòn pwoteksyon minimòm 100 pye. Si kay ou bati sou yon pant apik, mezi pwoteksyon estanda yo kapab pa ase. Kontakte depatman ponpye oswa depatman eksplwatasyon forè zòn ou pou jwenn plis enfòmasyon.
    • Pase rato nan fèy, branch ak ti branch ki sèch. Retire tout vejetasyon ki flamab.
    • Retire fèy ak dechè ki anba estrikti yo epi elimine yo kòrèkteman.
    • Debranche yon espas 15 pye ant anlè pyebwa, epi retire branch yo nan yon espas 15 pye ak tè a.
    • Retire branch sèch ki depase twati kay la.
    • Taye branch pyebwa ak ti pyebwa nan yon distans 15 pye avèk yon rejis oswa tiyo sòti chemine.
    • Mande konpayi kouran elektrik la pou debranche pyebwa ki nan liy elektrik yo.
    • Retire plant grenpant nan miray lakay ou.
    • Koupe zèb la regilyèman.
    • Netwaye yon espas 10 pye toutotou tank gaz pwopàn ak babikyou a. Mete yon griy sou griy babikyou a—itilize sibstans ki pa flamab avèk may ki pa pi epè pase yon ka pous.
    • Elimine jounal ak dechè yo regilyèman nan yon espas ki apwouve. Swiv règleman lokal yo pou boule.
    • Mete sann fou, chemine ak griy babikyou nan yon bokit metal, tranpe li nan dlo pandan de (2) jou, answit antere sann frèt la nan sòl mineral.
    • Estoke gazolin, twal lwil ak lòt sibstans flamab nan bidon sekirite ki apwouve. Mete bidon yo yon kote ki pwoteje jwenn baz bilding yo.
    • Estoke bwa dife omwen a yon distans 100 pye ak lakay ou epi yon fason ki monte parapò ak kay la. Elimine sibstans konbistib yo a yon distans 20 pye. Itilize sèlman aparèy UL apwouve pou boule bwa.
  • Chèche konnen kijan pou pwoteje manje pandan ak apre yon ijans lè ou ale nan: http://www.foodsafety.gov/keep/emergency/index.html (nan lang Angle)

Koute Ofisyèl Lokal yo

Aprann kichòy sou plan-dijans gouvènman leta ak gouvènman lokal ou te kreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstriksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.

Pou jwenn lòt enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou dife forè, epitou sa pou fè pandan ak apre yon dife forè, vizite: Federal Emergency Management Agency (nan lang Angle), NOAA Watch (nan lang Angle), oswa American Red Cross (nan lang Angle).