Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Fè yon lis enfòmasyon kontak pou ajans kontwòl bèt ki nan zòn ou, tankou Humane Society ak lopital veterinè ak sante tretman pou ijans.

Glisman Teren ak Ekoulman Debri (Eboulman Teren)

Glisman teren, ki rele eboulman tè oswa ekoulman debri tou, fèt nan tout eta ak teritwa Etazini, epitou se divès faktè tankou tranblemanntè, tanpèt ak dife ki kapab lakòz yo. Glisman teren kapab fèt vit, souvan avèk yon ti preyavi, epitou pi bon fason pou prepare se chèche enfòmasyon sou chanjman ki nan ak nan antouraj kay ou ki ta kapab siyale yon glisman teren gen chans pou rive.

  • Prepare pou glisman teren lè ou swiv bon jan pwosedi amenajman teritwa - evite bati kay toupre pant apik oswa toutolon vale ewozyon.
  • Abitye ou avèk teren ki nan zòn ou. Chèche konnen si ekoulman debri te fèt nan zòn ou. Pou fè sa, kontakte otorite lokal yo. Pant kote ki te genyen ekoulman dekri lontan kapab genyen menm bagay la alavni.
  • Chèche chanjman peyizaj ak kanalizasyon dlo, oswa nouvo fant nan fondasyon ak twotwa.
  • Konsilte yon pwofesyonèl pou jwenn konsèy ak mezi prevansyon apwopriye pou lakay ou oswa biznis ou, tankou rakò fleksib, ki kapab reziste pi byen pou kase.
  • Siveye modèl kanalizasyon dlo tanpèt sou pant ki toupre lakay ou oswa biznis ou, epitou note sitou kote ekoulman dlo konvèje, k ap ogmante ekoulman sou plant ki kouvri ak sòl. Siveye ti mòn ki nan zòn lakay ou oswa biznis ou pou siy mouvman tè, tankou ti glisman teren oswa ekoulman debri oswa pyebwa k ap panche ofi-amezi.

Enfòme ou

  • Kontakte otorite lokal yo pou konnen enfòmasyon sou plan repons pou ijans ak plan deplasman pou zòn ou, epitou devlope pwòp plan ijans ou pou fanmi ou ak biznis ou.
  • Otorite lokal yo kapab pa anmezi pou bay enfòmasyon sou sa k ap pase a ak sa ou ta dwe fè. Men, ou ta dwe koute Radyo Metewolojik NOAA (nan lang Angle), gade televizyon, koute radyo oswa tcheke Entènèt souvan pou konnen nouvèl ak enstriksyon ofisyèl nan moman yo vin disponib.

Pou jwenn plis detay sou glisman teren, ale nan sit wèb http://landslides.usgs.gov/ (nan lang Angle), oswa http://www.fema.gov/areyouready/landslide.shtm (nan lang Angle).