Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Ou ta dwe genyen omwen yon telefòn fiks tradisyonèl, paske telefòn san fil oswa telefòn selilè kapab pa fonksyone nan yon ijans.

Lè Pwòp

Kèk ijans posib kapab voye ti "pousyè" mikwoskopik nan lè a. Pa egzanp, inondasyon ta kapab kreye mwazi ki ta kapab fè ou malad, epitou yon eksplozyon kapab degaje ti debri ki kapab lakòz ou trape domaj nan poumon ou. Yon atak byolojik teworis kapab degaje mikwòb ki kapab fè ou malad si ou inale oswa absòbe yo nan blesi ki louvri. Anpil ajan sa yo kapab fè ou mal sèlman si yo antre nan kò ou, kidonk reflechi sou fason pou kreye yon baryè ant oumenm ak nenpòt kontaminasyon.

Pwoteksyon pou Nen ak Bouch

Mask figi oswa materyèl an koton ki byen tise-sere epi ki apwopriye sitou pou chak manm fanmi an. Fè kèlkeswa sa ou kapab pou fè tout sa ki posib pou timoun yo.

Prepare ou pou aji prese-prese avèk sa ou genyen nan men ou pou pwoteje nen ou, bouch ou, zye ou ak blesi ki sou po ou. Nenpòt bagay ki byen ajiste sou nen ou ak bouch ou, tankou nenpòt materyèl an koton ki byen tise-sere, kapab ede filtre kontaminan ki nan yon ijans. Li trè enpòtan pou pifò lè ou respire pase nan mask la oswa nan twal la, pa akote li.

Fè kèlkeswa sa ou kapab pou fè tout sa ki posib pou timoun yo. Genyen tou divès kalite mask ki disponib fasilman nan kenkayri ki klase selon gwosè yon patikil yo kapab filtre nan yon anviwònman endistriyèl.

Selon diferan kalite ijans ki ta kapab rive, pa genyen yon solisyon pou kreye yon baryè ant oumenm ak nenpòt kontaminasyon ki nan lè a. Mask figi senp yo kapab filtre patikil oswa mikwòb ki vini nan van ou kapab inale, men yo p ap pètèt pwoteje ou kont gaz chimik. Epoutan, yon bagay ki sou nen ak bouch ou nan yon ijans pi bon pase anyen. Si ou diminye kantite matyè etranje ou inale sa kapab gen enpak sou si ou malad oswa devlope maladi oswa si sa pa rive ou.

Lòt Baryè

  • Sache plastik fatra ki lou oswa twal bach an plastik
  • Adeziv
  • Sizo

Genyen sikonstans lè ou pa bouje ak lè ou kreye yon baryè ant oumenm ak lè deyò ki pètèt kontamine, yon pwosesis ki rele "refij souplas," (nan lang Angle) se yon zafè siviv. Ou kapab itilize bagay sa yo pou re-kole fenèt ou, pòt ou ak bouch ayerasyon yo si ou bezwen bouche yon chanm pou kontaminasyon ki deyò a. Anvizaje koupe materyèl sa yo davans epi mete etikèt sou yo. Nenpòt bagay ou kapab fè davans ap epaye tan lè li konte.

Itilize enfòmasyon ki disponib yo pou evalye sitiyasyon an. Si ou wè gwo yon kantite debri nan lè a, oswa si otorite lokal yo fè konnen lè a kontamine anpil, ou kapab itilize bagay sa yo pou re-kole fenèt ou, pòt ou ak bouch ayerasyon yo si ou bezwen bouche yon chanm.

Vantilatè Filtraj HEPA (Filtraj ki gen Anpil Efikasite pou Patikil Lè)

Depi ou bouche yon chanm avèk twal bach plastik ak adeziv, ou kapab te kreye yon pi bon baryè ant oumenm ak nenpòt kontaminan ki kapab deyò a. Men, se pa tout bouche ki pafè epi kapab genyen fuit. Anplis fuit la, ou kapab mete tèt ou nan yon espas ki deja kontamine nan kèk degre.

Anvizaje itilize yon pirifikatè lè pòtab, ki genyen yon filtè HEPA, pou ede ou retire kontaminan nan chanm kote ou pran refij la. Filtè ki trè efikas sa yo genyen ti paswa ki kapab kapte patikil ki piti anpil yo, tankou kèk ajan byolojik. Depi yo kontaminan yo trape nan yon filtè HEPA yo pa kapab antre nan kò ou pou fè ou malad. Alòske filtè sa yo ekselan nan filtre pwodui deskamasyon, pousyè, mwazi, lafimen, ajan byolojik ak lòt kontaminan, yo p ap bloke gaz chimik yo.

Kèk moun, sitou moun ki fè alèji grav ak opresyon, itilize filtè HEPA nan mask, nan pirifikatè lè pòtab ak nan gwo kay oswa nan anviwònman endistriyèl pou filtre lè a san rete.