Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Pran yon wikenn pou fè mizajou nan nimewo telefòn, pou achte pwovizyon pou ijans epitou pou revize plan-dijans ou avèk tout manm fanmi ou.

Fè Yon Plan

Ou Pa gen Tan pou Fòm ki nan Entènèt yo?
Telechaje paj Plan-Dijans Fanmi (FED), enprime yo epi ranpli yo san ou pa nan Entènèt.

Telechaje Plan-Dijans Fanmi - Acrobat Reader, 512Kb



Imèl ba yon Zanmi - link  Imèl ba yon Zanmi.

Fanmi ou kapab pa ansanm lè katastwòf la frape, kidonk li enpòtan pou w planifye davans: kijan youn ap kontakte lòt; kijan youn ap jwenn lòt; epi sa w ap fè nan diferan sitiyasyon yo.

Plan-Dijans Fanmi

  • Idantifye yon kontak ki deyò vilaj la.  Li kapab pi fasil pou fè yon apèl entè-iben pase pou rele nan vilaj la, kidonk yon kontak deyò vilaj la kapab nan yon pi bon pozisyon pou kominike avèk manm fanmi ki separe yo.
  • Asire tout manm fanmi ou konnen nimewo telefòn lan epi asire yo genyen yon telefòn selilè, pyès monnen, oswa yon kat-dapèl ki peye davans pou rele kontak ijans lan. Si ou genyen yon telefòn selilè, pwograme moun yo kòm "ICE" (Sizoka yon Ijans) nan telefòn ou. Si ou nan yon aksidan, anplwaye ijans yo ap tcheke lis ICE ou souvan pou yo kapab kontakte yon moun ou konnen. Asire ou fè fanmi ak zanmi ou konnen ou mete yo nan lis telefòn ou kòm kontak pou ijans.
  • Montre fanmi ou kijan pou yo itilize mesajri tèks (ki rele tou SMS oswa Sèvis Mesaj Kout). Mesaj tèks yo kapab rive nan rive nan rezo ki anpàn lè yon apèl telefonik ta kapab pa anmezi pou pase.
  • Enskri nan sèvis alèt. Kounye a, anpil kominote genyen sistèm k ap voye alèt tèks oswa imèl rapidman pou fè ou konnen lè gen move tan, lè wout yo fèmen, lè gen ijans lokal, elatriye. Enskri ou. Pou fè sa, ale nan sit wèb Biwo Jesyon Ijans ki nan zòn ou.

Planifikasyon pou Rete oswa pou Ale

Selon sikonstans ou ak kalite ijans lan, premye desizyon enpòtan an se si pou rete kote ou ye a oswa pou deplase. Ou ta dwe konprann toulède posiblite yo ak planifye pou yo. Itilize bon sans ou ak enfòmasyon disponib yo, avèk tou sa ou aprann isit la, pou detèmine si genyen yon danje imedyat. Nan nenpòt ijans, otorite lokal yo kapab oswa pa kapab anmezi pou bay enfòmasyon imedyatman sou sa k ap pase a ak sa ou ta dwe fè. Men, ou ta dwe gade televizyon, koute radyo oswa tcheke Entènèt souvan pou jwenn enfòmasyon oswa enstriksyon ofisyèl yo nan moman yon vin disponib. Pou jwenn enfòmasyon sou si pa bouje oswa pou pran refij souplas, klike la a.

Enfòmasyon pou Ijans

Chèche konnen ki kalite katastwòf, natirèl ak sa moun lakòz, ki gen plis chans pou rive nan zòn ou ak fason w ap resevwa notifikasyon sou sa. Metòd pou atire atansyon ou varye ant yon kominote ak yon lòt. Yon metòd ki komen se emèt nan radyo ijans ak nan emisyon televizyon. Ou ta kapab tande yon sirèn espesyal, oswa yon apèl telefonik oswa travayè ijans yo kapab ale nan chak pòt.

Plan-Dijans

Ou kapab vle chèche enfòmasyon sou plan-dijans nan kote fanmi ou pase tan: travay, gadri ak lekòl. Si pa genyen plan, anvizaje sèvi kòm volontè pou kreye youn. Pale avèk vwazen ou sou fason ou kapab travay ansanm avèk yo sizoka gen yon ijans. W ap prepare pi byen pou reyini fanmi ou ak moun ou yo san pwoblèm pandan yon ijans si ou reflechi davans ak kominike davans avèk lòt yo. Li plis enfòmasyon: Lekòl ak Espas Travay.