Eskwokri nan Taks/Avètisman pou Konsomatè

Gen plizyè milyon moun ki gentan pèdi plizyè milyon dola ansanm ak done pèsonèl yo akoz eskwokri ki gen rapò a taks. Eskamòtè sèvi ak lèt yo voye pa lapòs, telefòn, oubyen imèl pou pyeje moun, biznis, responsab peròl, ak pwofesyonèl ki konn fè taks.

IRS pa antre an kontak ak kontribyab pou mande yo bay done pèsonèl oubyen finansyè yo pa mwayen imèl, mesaj tèks ni rezo medya sosyal yo. Rekonèt siy revelatè yon eskwokri. Wè tou: Kòman ou ka konnen si se reyèlman IRS ki rele-w oubyen ki frape pòt ou (an Anglè).

Eskwokri ki sible Kontribyab yo

Itilize bouton ki make tab la pou ale sou pwochen eleman pou-w konsantre a

Nan dènye kout gidon nan eskwokri en rapò a numero Social Sekirite, Eskanmòtè yo declare yo ka sispann oubyen anile SSN victim lan. Se yon lont tantativ eskamòtè yo itilize pou menase moun yon fason pou retounen apèl ki gen mesaj vokal yo kite sou telefòn moun. Konsidere IRS Konsèy sou taks 2019-149 (an Anglè).

IRS raple kontribyab yo ke kriminèl ak Eskamòtè ap eseye pwofite de generozite Kontribyab ki ta vle ede moun ki viktim anba gwo dezas Natirèl.

Konsidere:

IR-2019-145, 22 Dawou 2019 — IRS e partnè Somè Sekirite jodi-a te avèti kontribyab yo ak pwofesyonel taks yo konsènan nouvèl kampay eskwokri atravè imèl ki simaye toupatou pou fe Eskanmòtè yo pase pou IRS. Konsidere IR-2019-145 (an Anglè).

IR-2019-104, 5 Jen 2019 –Malgre dat limit mwa d'Avril pou fè taks la pase, Eskanmòtè kontinye travay di, E IRS jodi a exòte kontribyab yo pou veye a yon repriz aktivite eskwokri atravè imèl e telefòn. Konsidere IR-2019-104 (an Anglè).

IRS avèti kontribyab yo pou evite moun ki nan fo biznes prepare taks ke tout moun konnen kòm chalatan. Gade nan IR-2019-09 (an Anglè).

IRS ak Patnè sou Somè Sekirite yo bay tout moun avètisman jodi a sou yon ogmatasyon nan voye fo imèl kòm si se IRS en menm tan yo itilize Transkripsyon Taks kòm mwayen pou atire moun ouvri dokiman ki gen viris. Konsidere IR-2018-226 (an Anglè).

Yon manèv eskwokri sofitike nan telefòn ki sible Kontribyab tèlke Imigran ki pa nan peyi lontan, ap gaye tou patou nan peyi a. Moun ki rele yo pran pòz se ajan IRS yo ye, yo itilize fo non ak fo nimero kat idenfikasyon. Souvan yo gen anpil enfòmasyon sou kontribyab yo sible yo, eskanmòtè yo òdinèman chanje nimero moun ki rele a pou bay enpresyon se kap rele.

Eskanmòtè di viktim yo ke yo dwe IRS lajan ke yo dwe peye rapidman atravè kat kado oubyen transfer lajan pa mwayen elektronik. . Viktim yo resevwa menas arestasyon, depòtatsyon, oubyen sispansion pèmi pou fè biznis oubyen pou kondwi machin. Nan anpil ka, Moun ki rele a vinn fache e ka menm tonbe ap joure. Yo ka menm di viktim yo gen yon ranbousman jis pouka eseye entrene viktim yo pataje enfòmasyon pèsonel. Si pèsonn pa reponn apèl, eskamòtè yo konn souvan kite mesaj pou retounen apèl an "ijans".

Kèk Vòlè itilize video Sèvis Relè (VRS) pou eseye twompe moun ki soud oubyen ki tande di. IRS ankouraje kontribyab yo pa fè konfians ak apèl jis paske yo fèt atravè VRS (sèvis relè sou video), paske intèprèt yo pa verifye validite apèl yo. Pou plis detay, gade video IRS: Fwod konsènan Taks atravè Video Relay Service (an Anglè).

Souvan, Eskanmòtè yo aproche viktim ki pa alèz nan Anglè nan lang manman yo, menase yo avèk depòtasyon, arestasyon Polis e revokasyon pèmi pou kondwi, pami lòt bagay. IRS enkouraje tout kontribyab pou pran prekosyon avan yo peye dèt taks ke yo resevwa sanzatann. Silvouplè gade: IRS anonse Kontribyab ki pa alèz nan Anglè de manèv eskwokri nan telefòn (an Anglè). Note byen IRS pa konn:

  • Egzije pou ou sèvi ak yon metòd pèman byen patikilye tankou kat debi peye davans (prepaid debit card), kat kado (gift card) oswa transfer telegrafik (wire transfer). Jeneralman, IRS ap voye yon lèt ki gen yon fakti ladan li si ou dwe lajan taks.
  • Ba ou presyon pou di ou yo ap voye lapolis oswa lòt otorite lalwa arete w si ou pa peye.
  • Egzije pou peye san yo pa ba ou yon chans pou entèwoje yo oswa konteste kantite lajan ou dwe a.
  • Mande pou nimero kat debi oubyen kat kredi nan telefòn.

Eskwokri ki sible pwofesyonèl ki konn fè Taks

Deplizanplis, Eskanmòtè kap vòlè idantite moun yo sible pwofesyonèl ki prepare Taks. Kriminèl sa yo- anpil nan yo souvan sofistike, byen òganize - ap double efò yo pou kolekte enfòmasyon pèsonel moun pou yo prepare fo taks nan nivo Federal ak eta yo. Patnè Somè yo gen yon kanpay sensibilzasyon ki sible pwofesyonèl ki prepare taks: Pwoteje klyan w; Pwoteje tèt ou.

IRS ak Patnè Somè Sekirite avèti profesyonè ki prepare taks jan eskanmòtè sible yo ak manèv yap fè pou kolekte enfòmasyon nan imèl sou depo dirèk ak transfè labank. Seri de imèl sa yo kompwomè ou fè pati de taktik ki sible jeneralman tout kalite indistri ak patwon. Konsidere IR-2018-253 (an Anglè).

Pami lòt nouvo manèv eskwokri ki sible pwofesyonèk taks genyen:

Pwofesyonèl taks dwe revize Piblikasyon 4557, ki sovgade done kontribyab taks yo, ki se yon Gid pou Biznis ou a (an Anglè) PDF, epi ki bay yon lis ki ka ede sovgade enfòmasyon ak amelyore sekirite.

Gade tou: Enfòmasyon sou Vòl Idantite pou Pwofesyonèl Taks (an Anglè).

Solisitasyon enfòmasyon sou fòmilè W-2 nan men responsab pewòl ak resous imèn

IRS etabli yon pwosesis k ap pèmèt antrepriz yo ak founisè sèvis pewòl yo pou yo rapòte byen vit nenpòt done ki pèdi epi ki lye ak eskwokri W-2 a k ap bay traka jounen jodi. Si IRS jwenn nòt la atan, Li ka pran mezi pou anpeche anplwaye yo pou yo pa viktim vòlè idantite sa yo k ap depoze deklarasyon fwod nan non yo. Gen enfòmasyon tou sou kòman ou ka sispann resevwa imel eskwokri sa yo.

Bòs travay yo dwe pouse pou mete pwotokòl anplas lè pou pataje enfòmasyon sansib sou anplwaye tankou Fòmilè W-2. Eskwokri W-2 a se sèlman youn nan plizyè varyasyon ki konsantre yo sou vòlò enfòmasyon fiskal ki sansib nan men konpayi preparatè taks, biznis ak pewòl.

Pwofesyonèl taks ki pran nan kou kote done yo pèdi dwe rapòte ensidan sa a byen vit bay IRS. Gade detay nan Enfòmasyon sou Vòl Idantite pou Pwofesyonèl Taks (an Anglè)

Gade tou:

Gwo ogmantasyon nan imel, pyèj elektwonik ak lojisyèl malfezans

Pyèj Elektwonik (an Anglè) (tankou nan "fè lapèch dèyè enfòmasyon") se yon fòm eskwokri kote eskamòtè yo voye mesaj elektwonik pou woule viktim ki pa sispèk anyen pou yo ka revele kone pèsonèl ak finansye yo vòlò yo menm pral itilize pou vòlè idantite viktim sa yo.

IRS bay plizyè avèstisman konsènan itilize eskamòtè yo itilize ak fwod non ak logo IRS nan bat y ap bat pou yo mete lapat sou enfòmasyon finans yon konsomatè pou yo ka vòlè idantite yo ak byen yo.

Imel eskwokri monte yon fason pou jwe nan lespri kontribyab taks pou fè yo panse kominikasyon sa yo se kominikasyon ofisyèl ki soti nan IRS oubyen nan endistri taks, tankou konpayi lojisyèl taks yo. Malveyans elektwonik sa yo ka chache enfòmasyon ki lye ak ranbousman, estati fiskal, konfimasyon done pèsonèl, kòmand relve ak enfömasyon sou verifikasyon PIN.

Veye fo imel ki pi parèt kòm si se pwofesyonèl taks ou ki voye l, epi ki ap mande infòmasyon sou fòmilè IRS yo. IRS pa mande ni kontribyab taks ni pwofesyonèl fiskal pou yo bay Asirans Lavi oubyen dènyè enfòmasyon sou rant yo. Fè atansyon ak eskwokri (an Anglè)sa a.

Ou ka wè varyasyon yo nan mesaj tèks. IRS konnen genyen eskwokri pa mwayen pyèj elektwonik ki enkli lyen ki pou voye w sou fo sitwèb ki parèt tankou se sitwèb IRS yo ye. Imel sa yo ka di w konsa "ou bezwen mete ajou e-file IRS ou imedyatman." Se pa IRS ki voye imel sa yo.

Sit so yo ka mande enfòmasyon sa yo pou fè fo deklarasyon pou taks oubyen yon ka genyen lojisyèl malveyan ki ka enfekte konpitè epi pèmèt kriminèl yo jwenn aksè ak dosye w oubyen swiv lè w ap tape pou yo ka jwenn enfòmasyon.

Pou plis detay, gade:

Imel endezirab ki pran pòz se se IRS ki voye yo, oubyen yo soti nan yon konpozant IRS tankou EFTPS, moun dwe rapòte yo bay IRS nan phishing@irs.gov.

Pou plis enfòmasyon, vizite Rapòte Pyèj ak Eskwokri (an Anglè) nan sitwèb IRS la.

Fwodè Fè Tèt yo Pase pou Gwoup Defans Kontribyab Taks

Kèk kontribyab taks resevwa imel ki parèt kòm si se ranbousman taks Gwoup Defans Kontribyab Taks (TAP) voye poou yo. Imel sa yo se eskwokri pyèj yo ye; y ap pran lòlòj viktim yo pou fè yo bay done pèsonèl ak done finans. Pa reponn ni pa klike sou okenn lyen. Si w resevwa yon eskwokri konsa, fè l rive jwenn phishing@irs.gov epi ekri nòt pou di sanble se nan eskwokri y ap pyeje w pou yo pran enfòmansyon w.

TAP se yon planche volontè ki avize IRS sou pwoblèm sistemik ki afekte kontribyab taks. Li pa janm mande, ni li pa genyen aksè ak okenn done pèsonèl ak finans kontribyab yo.

Enfòmasyon Ki Lye Ak Sa

Atoufè Pran Idantite IRS pou yo jwenn Enfòmasyon Bankè ak Lòt Enfòmasyon

Aktivite Fwod Entansifye pandan Sezon Deklarasyon an ap Pwoche

FBI Tematize kòm Eskwokri Ranson Lojisyèl

Eskwokri Elektwonik Dènye-Minit

Eskwokri fiktif "Taks Edidyan pou Federal" vize etidyan ak paran pou mande yo fè pèman

Apèl Otomatik ki mande fè pèman taks nan fòm iTunes oubyen kat kado

K ap fè tankou yo se moun Endistri preparasyon taks

Pou w rapòte aktivite ilegal ki lye ak taks, ale nan chat (an Anglè) nou ki eksplike tip aktivite ak fòm apwopriye oubyen lòt metòd pou w swiv. Ou dwe rapòte tou enstans tantativ pyèj elektwonik ak fwod ki lye ak IRSbay Enspektè Jeneral Ministè Finans pou Administrasyon Taks (an Anglè) nan 800-366-4484.

Kontribyab Taks ki eksperimante vòl idantite ki lye ak taks ka ap poze tèt yo kesyon mande kilè pou yo depoze Fòmilè 14039, Afidavi Vòl Idantite a.