Kontakte Biwo Lokal IRS

Pou w ale nan Sant Asistans kontribyab pa w la, ou dwe:

  1. Jwenn biwo (an Anglè) kote ou bezwen ale a
  2. Rele nimewo biwo a pou randevou, epi pran yon randevou

Jwenn kote yon Biwo Sant Asistans Kontribyab ye (an Anglè)

Mete 5 chif Kòd Postal ou

Sant Asistans Kontribyab yo fèmen pandan jou konje federal yo (an Anglè).

Prepare w pou Randevou pa w la

  • Kase randevou pa w la alavans.
  • Mache ak bagay sila yo pou randevou a:
    • Yon pyès idantite gouvènman an bay epi ki gen foto w sou li e ki pa ekspire.
    • Yon nimewo idantifikasyon kontribyab, tankou yon nimewo Sekirite Sosyal (Social Security).
    • Nenpòt lòt dokiman w ap bezwen pou randevou a.
  • Si w ap fè demann oubyen renouvle Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (ITIN) ou, gade nan Kijan pou M Renouvle ITIN Mwen epi pare pou bay enfòmasyon ki nan dokiman w yo.
  • Itilize  Zouti Depistay COVID-19 nou ofri a (an Anglè) pou w pwoteje tèt ou ak anplwaye nou yo. Si w santi w malad, chanje dat randevou w la.
  • Mete kachne.
  • Obsève 6 pye distans ant ou menm ak lòt moun.

Jwenn Sèvis Pi Rapid

W ap jwenn moun ede w ak pi fò pwoblèm taks yo sou entènèt oswa nan telefòn. Sou IRS.gov, ou ka:

Pran yon Randevou

Ou Pa Gen Fòm SSA-1099 Ou?

Resevwa yon ranplasman imedya lè ou louvri yon kont my Social Security accountgratis.

Kòmanse Kounye a La! (an Anglè)

Deklarasyon Dwa Kontribyab yo

Sa ou sipoze konnen (an Anglè)

Resevwa Fòmilè 1 Pa Ou Pi Rapid