Ou dwe peye taks pandan ou ap touche oubyen resevwa revni ou nan ane a, swa pa mwayen prelèvman oswa pèman sou estimasyon taks. Si montan taks sou revni yo prelve nan salè ou oswa pansyon ou pa sifi, oubyen si ou resevwa revni sou fòm enterè, dividand, pansyon alimantè, revni sou travay endepandan, valè ajoute sou kapital, prim ak rekonpans, ou ka oblije peye estimasyon taks. Si ou ap travay ak tèt ou, jeneralman ou dwe peye pèman estimasyon taks. Yo itilize estimasyon taks pou peye non sèlman taks sou revni, men pou peye tou lòt taks tankou travay endepandan ak taks minimòm altènatif.

Si kòb taks ou peye pa mwayen prelèvman ak pèman sou estimasyon taks la pa sifi, yo ka fè ou peye amand. Yo ka fè ou peye amand tou si pèman estimasyon taks ou yo fèt an reta, menm si yo dwe ou ranbousman lè ou deklare taks sou revni ou.

Obligasyon pou estimasyon taks yo diferan pou agrikiltè ak pechè pwason. Pibliksayon 505, Prelèvman Taks ak Estimasyon Taks (an Anglè), bay plis ransèyman konsènan règleman espesyal sou estimasyon taks sa yo.

Kiyès Ki Oblije Peye Estimasyon Taks

Jeneralman, moun tankou pwopriyetè endividyèl, patnè nan yon konpayi, ak aksyonè nan yon sosyete S oblije peye estimasyon taks si yo prevwa ke yo ap dwe $1,000 oubyen plis lè yo deklare taks yo.

Jeneralman, yon sosyete oblije peye estimasyon taks si yo prevwa ke yo ap dwe $500 oubyen plis lè yo deklare taks yo.

Ou ka oblije peye estimasyon taks pou ane aktyèl la si taks ou te plis pase zewo nan ane ki sot pase a. Gade nan fèy kalkil ki nan Fòm 1040-ES, Estimasyon Taks pou Moun, oswa Fòm 1120-W, Estimasyon Taks pou Sosyete yo (an Anglè), pou plis detay sou kiyès ki oblije peye estimasyon taks.

Kiyès Ki Pa Oblije Peye Estimasyon Taks

Si ou resevwa salè ak pèman, ou ka evite obligasyon pou yo peye estimasyon taks lè w mande anplwayè ou pou li prelve plis taks toujou sou salè w. Pou ka fè sa, depoze yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè ou. Genyen yon liy espesyal nan Fòm W-4 la pou ou ka ekri montan adisyonèl ou vle anplwayè a prelve.

Si ou resevwa chèk pèman, Estimatè Prelèvman Taks la ap ede ou fè sèten ke ou kite yo prelve montan taks ki korèk la nan chèk ou touche.

Ou pa oblije peye estimasyon taks pou ane sa a si ou ranpli tou lè twa kondisyon sila yo.

  • Ou pa te dwe okenn taks pou ane ki sot pase a

  • Ou te yon sitwayen Ameriken oswa rezidan pandan tout ane a
  • Ane fiskal ki vini avan a kouvri yon peryòd 12 mwa

Ou pa te dwe okenn taks pou ane ki vini avan an si montan total taks ou te zewo oswa ou pa t oblije depoze okenn deklarasyon taks sou revni. Pou plis enfòmasyon sou kijan pou kalkile estimasyon taks ou, gade nan Piblikasyon 505, Prelèvman Taks ak Estimasyon Taks (an Anglè).

Kijan Pou Kalkile Estimasyon Taks

Jeneralman, moun tankou pwopriyetè endividyèl, patnè nan yon konpayi, ak aksyonè nan Sosyete S yo itilize Fòm 1040-ES, pou kalkile estimasyon taks yo.

Pou kalkile estimasyon taks ou, ou dwe konnen montan revni an gwo ajiste ou prevwa a, revni taksab, taks ou peye, dediksyon, ak kredi pou ane fiskal la.

Lè ou ap kalkile estimasyon taks ou pou ane sa a, sa kapab itil pou w kòmanse ak revni ou, dediksyon, ak kredi ou pou ane ki vin avan an kòm premye pa. Itilize deklarasyon taks sou revni federal ou pou ane pase a kòm gid. Ou ka sèvi ak fèy kalkil ki nan Fòm 1040-ES la pou kalkile estimasyon taks ou. Ou dwe estime montan revni ou prevwa ke ou ap touche pou ane a. Si montan ou estime salè w la twò wo, jis ranpli yon lòt fèy kalkil pou Fòm 1040-ES pou rekalkile estimasyon taks ou pou lòt trimès ki ap vini. Si montan ou estime salè w la twò ba, yon lòt fwa ankò, ranpli yon lòt fèy kalkil pou Fòm 1040-ES pou rekalkile estimasyon taks ou pou lòt trimès ki ap vini. Li ap bon pou ou estime revni ou pi egzak ke posib pou evite peye amand.

Ou dwe fè ajisteman alafwa pou chanjman ki fèt nan sitiyasyon pa w ak pou chanjman resan ki fèt nan dwa fiskal la.

Jeneralman sosyete yo sèvi ak Fòm 1120-W (an Anglè), pou kalkile estimasyon taks yo.

Kilè Pou Peye Estimasyon Taks

Pou rezon ki lye a estimasyon taks, nou divize ane a an kat peryòd pèman (an Anglè). Ou ka soumèt pèman estimasyon taks pa mwayen Fòm 1040-ES pa lapòs (an Anglè), oswa ou ka peye sou entènèt , pa telefòn oswa atravè aparèy pòtatif ou si ou sèvi ak aplikasyon IRS2Go app. Vizite IRS.gov/payments pou ka wè tout opsyon yo. Pou plis enfòmasyon, gade nan Piblikasyon 505, Prelèvman Taks ak Estimasyon Taks (an Anglè).

Itilize Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal (EFTPS) se fason ki pi fasil pou moun ak biznis peye taks federal yo. Peye TOUT pèman taks federal ou ansanm ak depo taks federal (FTDs), antant pou vèsman ak pèman estimasyon taks ou ak sistèm EFTPS la. Si sa pi fasil pou peye pèman estimasyon taks ou chak semèn, chak de semèn, chak mwa, etc. ou kapab fè sa, depi w peye ase kòb avan finisman trimès la. Lè ou sèvi ak EFTPS, ou ka jwenn aksè a istorik pèman ou yo, pou kapab konnen ki kantite ak kilè ou te fè vèsman estimasyon taks ou.

Sosyete yo oblije depoze pèman an atravè Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal (an Anglè). Pou plis enfòmasyon, gade nan Piblikasyon 542, Sosyete yo (an Anglè).

Amand pou Pèman Estimasyon Taks Ki Pa Sifi

Si ou pa te peye ase lajan taks pandan ane a, swa pa mwayen prelèvman oswa pa mwayen pèman estimasyon taks, ou ka oblije peye yon amand pou pèman estimasyon taks ki pa sifi. Jeneralman, majorite kontribyab ap evite amand sa a si yo dwe mwens pase $1000 nan taks aprè yo fin soustrè prelèvman ak kredi yo, oswa si yo te peye omwen 90% nan taks yo dwe ane a, oswa 100% montan taks ki ekri nan deklarasyon ane ki sot pase a, nenpòt pami montan ki pi ba a. Gen règleman espesyal pou agrikiltè ak pechè pwason. Gade nan Piblikasyon 505, Prelèvman Taks ak Estimasyon Taks (an Anglè) pou plis enfòmasyon.

Sepandan, si revni ou resevwa pandan ane a yo pa t egal chak mwa, ou kapab evite oswa diminye amand lan si ou konte revni ou sou fòm ànyèl epi fè vèsman ki egal. Itilize Fòm 2210, Pèman ki pa sifi pou Estimasyon Taks nan ka Endividyèl, Byen, ak Fideyikomi (an Anglè) (oswa Fòm 2220, Pèman ki pa Sifi pou Estimasyon Taks nan ka Sosyete (an Anglè)), pou wè si ou dwe peye amand pou pèman estimasyon taks ki pa sifi. Tanpri gade nan Enstriksyon Fòm 1040 ak 1040-SRoswa Enstriksyon Fòm 1120 (an Anglè) PDF, pou ka konnen ki kote pou rapòte amand sou estimasyon taks la nan deklarasyon ou.

Yo ka egzonere amand lan tou si:

  • Rezon ki fè ou pa t peye estimasyon taks la se akoz yon aksidan, yon katastwòf, oswa lòt sikonstans ki pa òdinè, kidonk sa pa tap jis pou yo enpoze amand lan, oswa

  • Ou retrete (aprè laj 62 zan) oswa ou vin andikape pandan ane fiskal ou te dwe fè pèman yo oswa nan ane ki te vin avan an, epi te gen yon koz rezonab ki esplike mank pèman an e se pa t akoz neflijans entansyone.

Ap gen egzonerasyon elaji nan pinisyon si prelèvman taks ak pèman estimasyon taks ane 2018 te twò piti; ap gen ranbousman pou moun ki gentan peye amand pou mank pèman pou ane 2018 la.

IRS bese (an Anglè)a 80 pousan nivo obligatwa pou deseri kontribyab ka kalifye pou alèjman kont pinisyon pou estimasyon taks si prelèvman taks sou revni federal yo ak pèman estimasyon taks yo twò piti pou montan total taks yo te dwe an 2018. An jeneral, kontribyab yo oblije peye omwen 90 pousan nan bil taks yo dwe pandan ane a pou yo ka evite pinisyon kont pèman ki manke lè yo depoze deklarasyon yo. Nan kòmansman ane sa a, IRS bese a 85 pousan nivo pèman ki manke a epi dènyèman la a yo bese li a 80 pousan pou ane fiskal 2018.

Alèjman nan pinisyon elaji adisyonèl sa a pou ane fiskal 2018 la vle di ke IRS ap egzonere amand pou estimasyon taks pou nenpòt kontribyab ki te peye omwen 80 pousan nan bil taks total pandan ane a atravè prelèvman fiskal sou revni federal, vèsman trimestriyèl estimasyon taks oswa yon malanj ant de opsyon sa yo.

Kontribyab ki pako soumèt deklarasyon yo toujou dwe fè sa pa mwayen elektwonik. Yo ajiste lojisyèl taks la. Li itilize nouvo nivo pèman ki manke a epi li ap detèmine montan taks yon moun dwe ak tout pinisyon oswa egzonerasyon ki aplikab. Alèjman nan pinisyon sa a fè pati enstriksyon  Fòm 2210, Mank Pèman nan Estimasyon Taks pou Moun, Byen, ak Fideyikomi (an Anglè) tou.

Kontribyab ki gentan soumèt deklarasyon taks federal ane 2018 yo men ki kalifye pou alèjman elaji sa a kapab reklame yon ranbousman sou nenpòt amand estimasyon taks yo gentan peye oubyen evalye. Pou reklame ranbousman sa a, yo ap bezwen soumèt Fòm 843, Reklamasyon pou Ranbousman ak Demand pou Rabèsman (an Anglè). Yon kontribyab pa kabab soumèt fòm sa a nan fason elektwonik. Yo dwe ekri fraz ki di "80% waiver of estimated tax penalty" ("egzonerasyon 80% kont pinisyon pou estimasyon taks") nan liy 7 ki nan Fòm 843 a.