Sant Taks pou Travayè Endepandan

Kiyès nou Konsidere kòm Travayè Endepandan?

Jeneralman, ou se travayè endepandan si ou ranpli youn nan kondisyon sa yo.

Retounen nan tèt paj la

Ki Obligasyon Fiskal Travayè Endepandan Genyen?

Kòm yon moun ki ap travay ak tèt li, jeneralman ou gen obligasyon pou ou deklare taks sou revni ou chak ane epi peye estimasyon taks ou chak trimès.

Travayè endepandan an jeneralman dwe peye taks pou travayè endepandan (SE taks) ansanm ak taks sou revni. SE taks an prensip se yon taks pou Sekirite Sosyal ak Medicare pou moun ki ap travay ak tèt yo. Se menm jan ak taks Sekirite Sosyal ak Medicare yo prelve sou pifò moun anplwaye salarye yo. An jeneral, nenpòt lè yo itilize tèm "taks pou travayè endepandan" an, li fè referans a taks pou Sekirite Sosyal ak Medicare men pa okenn lòt taks (tankou taks sou revni).

Avan ou detèmine si ou dwe peye taks kòm travayè endepandan ak taks sou revni w, ou bezwen konnen si ou fè pwofi oubyen ou fè pèt nan biznis la. Ou fè sa lè ou retire tout depans biznis lan nan rantre total biznis lan. Si depans ou yo pi piti pase rantre ou yo, diferans la rele pwofi nèt epi li vin fè pati revni ou nan paj 1 Fòm 1040 oswa 1040-SR. Si depans ou yo plis pase rantre ou yo, diferans se ou pèt nèt. Ou jeneralman kAn Komendui pèt ou yo nan rantre total ou nan paj 1 Fòm 1040 oswa 1040-SR. Men nan kèk sitiyasyon pèt ou yo limite. Gade Pub. 334, Gid taks pou Ti Antrepriz (Pou Moun ki itilize Barèm C) (an Anglè) pou plis enfòmasyon.

Ou dwe deklare taks sou revni si ou fè $400 nèt oubyen plis kòm travayè endepandan. Si ou fè mwens ke $400 nèt pou travay ou kòm travayè endepandan, ou ap toujou bezwen deklare taks sou revni si ou ranpli lòt kondisyon ki nan lis Fòm 1040 ak 1040-SR enstriksyon (an Anglè) PDF.

Retounen nan tèt paj la

Kòman pou Mwen Fè pou M Fè Pèman Trimèstryèl Mwen?

Estimasyont taks se method ou itilize pou peye taks pou Sekirite Sosyal ak Medicare epi taks sou revni, paske ou pa gen yon lòt moun ki anplwaye ou ki pou prelve taks sa yo sou ou. Fòm 1040-ES, Estimasyon Taks pou Moun (an Anglè) PDF, se li yo itilize pou kalkile taks sa yo. Fòm 1040-ES gen yon fèy kalkil ladan l ki menm jan ak Fòm 1040 oubyen 1040-SR. W ap bezwen fòm ou te ranpli taks nan ane pase avan yo pou w ka ranpli Fòm 1040-ES la.

Itilize fèy kalkil ou jwenn nan Fòm 1040-ES la, Estimasyon Taks pou Moun pou kAn Komentèmine si ou bezwen ranpli estimasyon taks chak trimès.

Fòm 1040-ES gen ladan l tou deseri koupon vid ou ka itilize lè ou ap voye pèman estimasyon taks ou oswa ou ka fè pèman pa mwayen Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal (EFTPS).Si se premye ane ou ap travay ak tèt ou, wap bezwen estime montan revni ou espere rantre pou ane a. Si ou estime ke rantre yo ap twò gwo, senpleman ranpli yon lòt fèy kalkil ki nan Fòm 1040-ES pou ou ka kalkile yon lòt fwa estimasyon taks pou pwochen trimès la. Si ou estime ke rantre yo ap twò ba, yon lòt fwa, senpleman ranpli yon lòt fèy kalkil ki nan Fòm 1040-ES pou ou ka rekalkile estimasyon taks pou pwochen trimès la.

Gade nan paj Estimasyon Taks pou plis enfòmasyon. Paj Taks pou Travayè Endepandan gen plis enfòmasyon sou taks pou Sekirite Sosyal ak Medicare ladan l.

Retounen nan tèt paj la

Kòman pou M Depoze Deklarasyon Taks Mwen Chak Ane?

Pou depoze deklarasyon taks ou chak ane, ou ap bezwen itilize Barèm C (an Anglè) PDF pou rapòte rantre ou oswa pèt nan biznis ou jere oswa pwofesyon ou pratike antanke sèl pwopriyetè. Barèm C Enstriksyon (an Anglè) PDF kapab itil ou lè ou ap ranpli fòm sa a.

Pou kapab rapòte taks pou Sekirite Sosyal ak Medicare, ou dwe depoze Barèm SE (Fòm 1040 oswa 1040-SR),  PDFTaks pou Travayè Endepandan (PDF, an Anglè). Itilize revni oswa pèt ou kalkile nan Barèm C a pou kalkile montan taks Sekirite Sosyal ak Medicare ou te dwe gentan peye pandan ane a. Enstriksyon (an Anglè) PDF ki nan Barèm SE a yo kapab itil ou lè ou ap ranpli fòm nan.

Retounen nan tèt paj la

Eske M Oblije Depoze yon Deklarasyon Enfòmasyon?

Si ou te fè pèman oswa resevwa pèman kòm ti antrepriz oswa travayè endepandan (moun), gen plis chans kote ou oblije voye fòm ki rele deklarasyon enfòmasyon (an Anglè) bay IRS.

Retounen nan tèt paj la

Estrikti Biznis Yo

Lè ou ap lanse yon biznis, ou oblije deside ki kalite antite biznis pou w etabli. Kalite biznis ou chwazi a ap detèmine ki fòm deklarasyon taks sou revni pou w depoze. Kalite biznis ki pi kouran yo se pwopriyetè endividyèl, sosyete patenarya, sosyete, ak sosyete S. Yon Konpayi a Responsablite Limite (LLC) se yon relativman nouvo estrikti biznis ki resevwa pèmisyon pa mwayen lwa eta (state). Vizite paj Estrikti Biznis pou pran plis ransèyman konsènan chak tip antite ak ki fòm pou depoze.

Retounen nan tèt paj la

Dediksyon pou Biwo Lakay Mwen

Si ou itilize yon pòsyon nan kay ou rete a pou fè biznis, ou kapab dedui depans ki lye ak itilizasyon kay la pou biznis. Dediksyon Biwo nan Kay (an Anglè) la disponib pou mèt kay kou lokatè, epi li aplikab pou tout kalite kay.

Retounen nan tèt paj la

Biznis Moun ki Marye - Kisa ki Kalifye Kòm Antrepriz An Komen?

Biznis Moun ki Marye (an Anglè)
Obligasyon taks sou anplwa pou anplwaye ki se fanmi ou ka diferan de obligasyon ki aplikab a lòt anplwaye. Sou paj sa a nou souliye kèk pwoblèm pou konsidere lè ou ap jere yon biznis de moun ki marye.

Chwa pou Biznis ki Pa Enkòpore pou Moun ki Marye (an Anglè)
Pou ane fiskal ki kòmanse aprè 31 Desanm 2006, Lwa ki rele Taks sou Ti Antrepriz ak Opòtinite Travay ane 2007 la (Public Law 110-28) deklare ke "antrepriz an komen ki kalifye," kote sèl manb ki ladan l se de moun marye ki ap depoze deklarasyon taks ansanm, yo kapab chwazi pou yo trete yo kòm yon sosyete patenarya pou rezon ki lye a taks Federal.

Retounen nan tèt paj la

Panse a Chwazi yon Pwofesyonèl Taks

Konsèy sou Kijan pou Chwazi yon Preparatè Deklarasyon Taks (an Anglè)

Retounen nan tèt paj la

Zouti pou Aprantisaj Sou Entènèt

Atelye Vityèl: Taks pou Ti Antrepriz (an Anglè) la gen antou nèf leson entèraktif ki fèt pou ede nouvo pwopriyetè ti antrepriz yo aprann dwa fiskal ak responsablite fiskal ke yo genyen. Pòtay Videyo IRS (an Anglè) la gen ladan prezantasyon videyo ak odyo sou sijè ki enterese ti antrepriz, moun, epi pwofesyonèl taks.

Retounen nan tèt paj la