Estimatè Prelèvman Fiskal

Utilize Estimatè Prelèvman Fiskal la (an Anglè)
 

IRS ap ankouraje tout moun pou yo itilize Estimatè Prelèvman Fiskal la pou yo efektye yon “paycheck checkup" ("koudje sou lajan ou touche"). Sa ap ede ou fè sèten ke ou kite yo prelve montan taks ki korèk la nan chèk ou touche.

Genyen plizyè rezon pou w verifye prelèvman ou:

  • Lè ou verifye prelèvman ou sa ka pwoteje w kont sitiyasyon kote yo prelve yon taks ki twò piti sou kòb ou epi ou vin fè fas a yon bil taks ou sanksyon nan sezon taks lòt ane.
  • An menmtan tou, petèt ou pito yo prelve mwens taks alavans, poutèt pou w ka resevwa plis kòb nan chèk ou epi resevwa yon ranbousman ki pi piti nan sezon taks.

Si ou te chanje montan prelèvman ou pou 2019, IRS ap raple w pou fè sèten ke ou verifye prelèvman ou ankò nan kòmansman 2020. Yon chanjman prelèvman ki fèt nan mitan ane an 2019 kapab gen yon enpak diferan sou tout ane a an 2020. Kidonk, si ou pa depoze yon nouvo Fòm W-4 pou 2020, prelèvman ou kapab pi wo ou pi ba ke sa w te prevwa.

Anplis, si te gen yon gwo chanjman nan lavi ou, tankou maryaj, akouchman yon timoun, adopsyon oswa ou achte yon kay.

Si ou bezwen plis ransèyman toujou konsènan prelèvman ou, pale ak anplwayè ou oswa konseye taks ou.

Yon videyo leson etap pa etap (an Anglè) sou kijan pou itilize estimatè a disponib pou enstriksyon. Nou rekòmande pou w itilize estimatè a aprè ou fin gade videyo leson an.

Itilize rezilta ki sòti nan Estimatè Prelèvman Fiskal la pou ede w ranpli nouvo Fòm W-4, Sètifika Prelèvman Anplwaye a, epi soumèt Fòm W-4 ou fin ranpli a bay anplwayè ou pi vit ke posib. Prelèvman taks fèt pandan tout ane a, donk li pi bon pou pran mezi sa a pi vit ke posib.

Gen anpil anplwayè ki gen yon sistèm otomatize pou soumèt chanjman yon anplwaye fè nan Fòm W-4 yo. Tanpri fè sèten ke ou pale ak anplwayè ou pou wè si yo gen opsyon sa a.

Si ou resevwa revni pansyon, ou ka itilize rezilta ki sòti nan estimatè a pou ranpli yon Fòm W-4P (PDF) epi ba anplwayè a li.

Estimatè Prelèvman Fiskal sa a mache pou pifò kontribyab. Moun ki nan sitiyasyon taks ki konplike yo dwe itilize enstriksyon ki nan Piblikasyon 505, Prelèvman Taks ak Estimasyon Taks. Pami yo ou gen kontribyab ki dwe taks minimòm altènatif oubyen deseri lòt taks, ak moun

Estimatè Prelèvman Fiskal la pa mande w pou bay enfòmasyon konfidansyèl tankou non w, nimewo sekirite sosyal ou, adrès oswa nimewo kont bankè w.

IRS pa sovgade ni anregistre enfòmasyon ou antre nan estimatè a.

Kesyon Moun Poze Souvan sou Estimatè Prelèvman Fiskal yo disponib kounye a. Kesyon sa yo baze sou remak nou resevwa nan men itilizatè yo. Nou rekòmande pou konsilte paj FAQ a si ou bezwen kelkeswa ransèyman pandan ou ap ranpli estimatè a.