EFTPS: Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal

EFTPS

Fason ki pi fasil pou peye tout taks federal ou

EFTPS®(an Anglè) ® se yon sistèm gratis ke Ministè Finans Etazini ofri pou ka peye taks federal ou.


EFTPS® ap ofri w...

Sekirite ou kapab fè konfyans

Lè ou ap fè pèman elektwonik taks federal ou, itilizasyon twa pyès idantite ap pwoteje konfidansyalite ou epi sekirize done pèsonèl ou yo. Lè ou itilize Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (EIN oswa SSN), Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl (PIN) ak Modpas Entènèt ou, ansanm ak yon navigatè Entènèt sekirize, sa ogmante sekirite pou ou. 

Avantaj ki nan de pla men w

  • Pwograme pèman ou jiska 365 jou alavans.
  • Fè pèman taks ou pandan w chita lakay ou oswa nan biwo w, 24/24 epi 7/7.
  • Efektye pèman taks sou  revni, taks sou travay, estimasyon taks ak taks federal patikilye ou dwe.
  • Chanje fasilman oswa anile pèman ou te gentan pwograme.
  • Suiv pèman ou gras a notifikasyon pa imèl.
  • Afiche 15 mwa nan istorik vèsman ou te fè yo.
  • Resevwa èd ak pèman oswa ransèyman ou bezwen nan men Ajan Sèvis a Kliyantèl yo.

Presizyon ou kapab fè konfyans

Konfimasyon imedya pou pèman ou ansanm ak atestasyon bankè ou ap ratifye vèsman ki fèt yo.

Kijan pou enskri nan EFTPS

Vizite sit EFTPS®(an Anglè) oswa rele Sèvis a Kliyantèl EFTPS® la pou fè demand fòmilè enskripsyon:

Avantaj siplemantè lè ou ap itilize EFTPS


Enfòmasyon Siplemantè

Piblikasyon 966, Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal, Yon Gid sou Kijan Pou Kòmanse (an Anglè) PDF

Piblikasyon 4990, EFTPS Livrè Enstriksyon sou Pèman pou Kontribyab ki se Biznis ak Kontribyab Endividyèl (an Anglè) PDF

Resous EFTPS® yo sou entènèt epi disponib pou moun kòmande pa telefòn (an Anglè)

Gen plis opsyon elektwonik ak lòt ankò sou paj pèman prensipal la

Eskwokri ak sit pyèj ki ekziste aktyèlman ki degize an IRS (an Anglè)