Main Content

Fason pou jere dlo

Mwayen Enpòtan pou Jere Dlo

Water bottlesKite moun yo bwè dlo selon bezwen yo
Anpil moun bezwen menm plis pase yon galon dlo anmwayèn pa jou. Kantite dlo ki nesesè pou chak moun depannde laj moun, aktivite fizik li, kondisyon fizik li ak moman ane a.

Pa janm limite kantite dlo pou moun bwè sof si otorite yo ba ou lòd pou fè sa.
Bwè kantite dlo ou bezwen chak jou, epi chèche jwenn plis dlo pou demen. Nan okenn sikonstans, yon moun pa ta dwe bwè mwens pase yon ka (kat tas) dlo chak jou. Ou kapab diminye nèt kantite dlo kò ou bezwen si ou redui aktivite ou ak si ou rete frèt.

Bwè dlo ou konnen ki pa kontamine anvan.
Si li nesesè, ou kapab itilize dlo ou sispèk, tankou dlo twoub ki sòti nan wobinè regilye, oswa dlo kouran dlo oswa madlo, apre ou fin trete li. Si li pa posib pou trete dlo a, degoute dlo ou sispèk la pandan tout tan ki posib, men pa vin dezidrate.

Pa bwè bwason gazez alaplas dlo potab.
Bwason gazez yo pa satisfè kondisyon dlo potab. Bwason ki gen kafeyin ak alkòl ap dezidrate kò a, sa k ap ogmante bezwen pou bwè dlo potab.

Fèmen tiyo prensipal kote dlo a antre a.
W ap bezwen pwoteje sous dlo ki deja lakay ou kont kontaminasyon si ou tande yo rapòte tiyo dlo oswa liy dlo egou ki kase, oswa si ofisyèl zòn ou fè ou konnen gen yon pwoblèm. Pou fèmen sous dlo k ap antre a, chèche tiyo kote dlo a ap antre a, epi mete li nan pozisyon fèmen an. Asire oumenm ak manm fanmi ou konnen kijan pou fè pwosedi enpòtan sa a.

Sous Dlo

Water faucetBon Sous yo

 

  • Kib glas ki fonn.
  • Likid ki sòti nan manje konsèv tankou fwi oswa legim.
  • Dlo k ap degoute nan tiyo. Pou itilize dlo ki nan tiyo ou, kite lè pase andedan plonbri a. Pou fè sa, louvri wobinè ki lakay ou nan dènye limit lan. Yon ti kantite dlo ap koule. Answit, pran dlo a nan wobinè ki pi ba lakay ou.
  • Dlo k ap koule nan aparèy chofaj dlo a. Pou itilize dlo ki nan rezèvwa dlo cho ou, asire kouran elektrik la oswa gaz la fèmen, epi louvri tiyo ekoulman tank lan. Kòmanse koule dlo a. Pou fè sa, fèmen tiyo alimantasyon dlo a nan rezèvwa a, epi louvri tiyo dlo cho a. Apre yo fè ou konnen tiyo dlo pwòp la repare, w ap bezwen replen rezèvwa a anvan ou louvri gaz la oswa kouran elektrik la ankò. Si gaz la fèmen, w ap bezwen yon pwofesyonèl pou louvri li ankò.
  •  

Souf Dlo ki pa Potab

  • Chodyè dlo cho radyatè (sistèm chofaj nan kay).
  • Dlo ki nan bòl twalèt la oswa nan rezèvwa rensaj la.
  • Matla dlo. Fonjisid yo mete nan dlo a oswa sibstans chimik yo mete nan vinil lan ka fè dlo a pa bon pou itilize.
  • Pisin ak estasyon tèmal. Sibstans chimik ki sèvi pou touye jèm yo konsantre twòp pou bwè dlo a san pwoblèm, men ou kapab itilize yo pou ijyèn pèsonèl, netwayaj ak itilizasyon asosye.

Trètman Dlo

Close up of plastic bottle of Bleach.

Si ou itilize tout dlo ou te konsève a, epi pa gen lòt sous dlo pwòp ki fyab, li ka vin nesesè nan yon sitiyasyon ijan pou trete dlo ou sispèk ki pa bon. Trete tout dlo ou sispèk ki pa bon kalite anvan ou itilize li pou bwè, pou lave manje oswa pou prepare manje, pou lave veso, pou bwose dan ou oswa pou fè glas. Anplis yon move odè ak yon move gou ki nan dlo kontamine a, li kapab genyen mikwo-òganis (jèm) k ap lakòz maladi tankou dizantri, kolera, tifoyid ak epatit.

Gen anpil fason pou trete dlo. Okenn ladan yo pa pi bon. Souvan pi bon solisyon an se yon melanj metòd yo. Anvan ou trete dlo a, kite nenpòt poud ou lage ladan poze anba oswa degoute dlo a nan filtè kafe oswa nan kouch twal pwòp. Asire ou gen materyèl ki nesesè nan twous rezèv ou pou katastwòf pou metòd tretman dlo ou chwazi a.

Metòd Bouyi Dlo

Bouyi dlo se metòd ki pi bon pou trete dlo. Nan yon gwo po oswa bonm, mete dlo a nan yon tanperati pou li bouyi anpil pandan yon minit nèt, pandan w ap sonje kèk nan dlo a ap evapore.  Kite dlo a frèt anvan ou bwè li.

Dlo bouyi a ap gen pi bon gou si ou mete oksijèn ladan ankò. Pou mete oksijèn ladan, vide dlo a plizyè fwa ant de (2) veso pwòp. Sa ap pèmèt ou amelyore gou dlo ki konsève a tou.

Pirifikasyon avèk Klowòx

Ou kapab itilize klowòks likid ou sèvi nan kay pou touye mikwo-òganis yo. Itilize sèlman klowòks likid kay ki gen 5.25 a 6.0 pousan ipoklorit sodyòm. Pa itilize klowòks ki gen odè, bon klowòks ki gen koulè, oswa klowòks ki gen ajan netwayaj ladan. Paske fòs klowòks la ap diminye apre yon peryòd tan, itilize klowòks ki nan yon boutèy ki fèk louvri oswa nan yon boutèy ki potko janm louvri.

Mete 16 gout (1/8 ti kiyè) klowòks pou chak galon dlo, brase li epi kite li poze pou 30 minit. Dlo a ta dwe gen yon ti odè klowòks. Si li pa genyen li, lè sa a mete dòz klowòks la nan dlo a ankò, epi kite li poze pou yon lòt 15 minit. Si li toujou pa gen odè klowòks la, jete li epi chèche jwenn yon lòt sous dlo.

Lòt sibstans chimik, tankou iyòd oswa pwodui pou trete dlo yo vann nan magazen atik pou kan oswa magazen sipli epi ki pa gen 5.25 oswa 6.0 ipoklorit sodyòm kòm sèl engredyan aktif, pa rekòmande, epitou ou pa ta dwe itilize yo.

Distilasyon

Menmsi metòd bouyi dlo ak metòd pirifikasyon dlo avèk klowòks p ap touye pifò mikwòb ki nan dlo a, distilasyon ap retire mikwòb (jèm) ki reziste kont metòd sa yo, epitou l ap retire metal lou yo, sèl yo ak pifò lòt sibstans chimik. Nan distilasyon an, w ap gen pou bouyi dlo a, answit w ap pran sèlman vapè ki kondanse a. Vapè ki kondanse a p ap gen ladan sèl oswa pifò lòt salte. Pou distile dlo, plen yon po amwatye avèk dlo.

Mare yon tas nan manch ki sou kouvèti po a pou tas la kapab pann sou bò dwat anlè lè kouvèti a alanvè (asire tas la pa pandye nan dlo a), epi bouyi dlo a pou 20 minit. Dlo k ap degoute nan kouvèti pou tonbe nan tas la se dlo ki distile a.

Efikasite metòd tretman dlo yo

Efikasite Tretman Dlo

Metòd yo:

Touye
Mikwòb yo

Retire lòt kontaminan (metal lou, sèl, ak pifò lòt sibstans chimik)

Metòd bouyi dlo

Wi

Non

Pirifikasyon avèk klowòks

Wi

Non

Distilasyon

Wi

Wi