Main Content

Enfòme Ou

Tan loraj sou yon wout

Enfòme Ou

Preparasyon pou ijans se pa sèl enkyetid moun California pou tranblemanntè, moun k ap viv nan "Tornado Alley"; oswa moun k ap viv sou Lakòt Gòlf (Gulf Coast) akòz ouragan yo. Pifò kominote yo ka afekte nan plizyè kalite danje pandan lavi yo. Ameriken yo vwayaje tou plis pase anvan; nan zòn ki afekte nan danje yo ka pa nan risk toupre lakay yo. Lè ou konnen sa pou fè anvan, pandan ak apre yon ijans sa reprezante yon pati enpòtan pou prepare, epitou sa ka fè tout diferans lan lè segonn yo ap konte.

Kèk aksyon debaz pou pwoteksyon sanblab pou plizyè danje. Pa egzanp, sekirite nesesè lè gen tout danje yo, si sa vle di abri oswa deplasman depannde ijans espesifik la. Kreyasyon yon plan kominikasyon pou fanmi ou oswa preparasyon yon twous rezèv pou ijans se menm bagay pou ijans aksidantèl, katastwòf natirèl epitou teworis. Men, gen diferans ki enpòtan pami ijans posib ki ta ka afekte desizyon ou pran ak aksyon ou fè.

Itilize lyen ki sou paj sa a pou aprann danje posib ki kapab rive kote w ap viv la ak fason ki apwopriye pou bay repons pou yo. Lè ou konnen sa pou fè, ou kapab planifye avèk moun lakay ou, epitou ou kapab prepare ou davans pou ka pare. Lyen sa yo bay tou enfòmasyon sou fason pou pwoteje moun lakay ou ak sou fason pou kòmanse retounen nan aktivite ou apre premye katastwòf la.

Anvan yon katastwòf, aprann fason w ap konnen si gen yon evènman danjere k ap rive. Abitye ou avèk siy evènman k ap vini san avètisman, epitou chèche konnen alèt ak avètisman lokal yo ak fason w ap resevwa yo. Lè ou konnen plan lokal yo pou ijans pou abri ak deplasman ak kontak lokal yo pou ijans sa ap ede ou kreye plan pou lakay ou, epitou sa ap ede ou pandan yon kriz.

Si ou aprann sa pou fè nan diferan sitiyasyon, epi si ou kreye ak adapte plan ou yo pou danje lokal ou yo, kote moun lakay ou ye souvan, ak bezwen espesifik moun lakay ou tankou bèt-kay yo, sa ap ede ou redui konsekans katastwòf la, epitou sa ka sove lavi moun ak evite yo pran chòk.