Main Content

Ladrès pou Sekirite

Aprann Premye Swen ak CPR

A CPR class training with resuscitation dummiesPran yon klas premye swen ak CPR. Seksyon Lakwa-Wouj Ameriken lokal kapab bay enfòmasyon sou kalite fòmasyon sa a. Sètifika ofisyèl Lakwa-Wouj Ameriken bay, dapre lwa “bon Samariten”, pwoteksyon pou moun k ap bay premye swen.

Chèche jwenn enfòmasyon sou materyèl ki nan yon twous premye swen

Aprann itilize yon Ekstenktè

A household fire extinguisher

Asire ou gen youn oswa plizyè ekstenktè dènye modèl, epitou asire tout moun konnen kote ou mete yo, ak fason pou itilize yo. Ou ta dwe gen, omwen, yon kalite ABC.

Administrasyon Ponpye Etazini rekòmande pou se sèl moun ki antrene nan itilizasyon ak antretyen kòrèk ekstenktè ki pou anvizaje itilize yo lè li apwopriye. Kontakte depatman ponpye lokal ou pou jwenn enfòmasyon sou fòmasyon ki nan zòn ou. Chèche jwenn plis enfòmasyon sou preparasyon pou yon ijans dife.