Main Content

Dlo

Close up of commercial water containers

Dlo se yon eleman enpòtan pou siviv ak yon atik ki nesesè nan yon twous rezèv pou ijans. Apre yon katastwòf, ka pa gen dlo potab pou bwè. Sous dlo regilye ou kapab koupe oswa menase pou kontamine. Prepare tèt ou. Pou fè sa, mete anplas yon rezèv dlo k ap satisfè bezwen fanmi ou pandan yon ijans.

Ki Kantite Dlo Mwen Bezwen?

Ou ta dwe konsève omwen yon galon dlo pou chak moun pa jou. Yon moun ki aktif nòmalman bezwen omwen yon galon dlo pa jou pou bwè sèlman, men tout moun pa gen menm bezwen, selon laj yo, eta fizik yo, aktivite yo, rejim alimantè yo ak klima yo.

Pou detèmine bezwen dlo ou, men sa pou konsidere:

  • Yon galon dlo pou chak moun pa jou, pou bwè ak pou fè netwayaj
  • Timoun yo, manman k ap bay tibebe tete, ak moun malad yo ka bezwen plis dlo.
  • Yon ijans medikal ka lakòz ou bezwen plis dlo.
  • Si w ap viv nan yon klima ki cho li ka nesesè pou gen plis dlo. Kote tanperati yo cho anpil, bezwen dlo ou kapab double. Konsève omwen yon kantite dlo pou twa (3) pou chak moun.

Kijan Mwen Ta Dwe Konsève Dlo?

Li rekòmande pou achte dlo yo vann nan boutèy, pou kapab prepare rezèv dlo pou ijans ki pi an sekirite ak pi fyab. Kite dlo nan boutèy yo nan bwat orijinal yo, epi pa louvri yo jouk lè ou bezwen itilize yo. Obsève dat ekspirasyon an oswa dat limit pou konsomasyon. Konsève li kote ki frèt ak sonb.

Fason pou Prepare Veso Dlo Pa Ou

Li rekòmande pou achte bidon pou konsève dlo pou bwè nan magazen ki vann materyèl siplemantè oswa materyèl pou kan pou itilize pou konsève dlo.

Anvan ou plen bidon yo dlo, netwaye yo nèt avèk savon pou lave veso ak dlo, epi rense yo nèt pou yo ka kras savon.

Si ou chwazi pou itilize veso pa ou pou konsève dlo, chwazi boutèy plastik de (2) lit bwason ki pa abaz alkòl – pa bidon plastik oswa bwat katon ki te gen lèt oswa ji fwi ladan yo. Pwoteyin ki nan lèt la ak sik ki nan fwi a kapab sòti nèt nan bidon oswa bwat sa yo, epi yo bay yon anviwònman pou batkeri devlope lè ou konsève dlo ladan yo. Bwat katon yo koule fasil tou, epi yo pa la pou konsève likid pandan lontan. Epitou, pa itilize veso an vè, paske yo kapab kraze, epitou yo lou.Fason pou Konsève Dlo nan Boutèy Plastik Soda

  • Swiv etap sa yo pou konsève dlo nan boutèy plastik soda.
  • Netwaye boutèy yo nèt avèk savon pou lave veso ak dlo, epi rense yo nèt pou yo pa gen kras savon.
  • Dezenfekte boutèy yo avèk yon solisyon ki gen ladan 1 ti kiyè ajan klò likid pou kay ki pa gen odè pou yon ka dlo. Melanje solisyon dezenfektan an nan boutèy la pou li touche tout sifas yo. Apre ou fin dezenfekte boutèy la, rense solisyon dezenfektan an nèt avèk dlo pwòp.
  • Plen boutèy la jouk nan bouch avèk dlo tiyo regilye. Si dlo tiyo a se dlo ki trete avèk klò nan yon konpayi dlo pou vann, ou pa bezwen mete anyen nan dlo a pou kenbe li pwòp. Si dlo w ap itilize a sòti nan yon pi oswa nan yon sous dlo ki pa trete avèk klò, mete de (2) gout ajan klò likid pou kay ki pa gen odè nan dlo a. Kite dlo a poze pou 30 minit anvan ou itilize li.
  • Ou ta dwe pran sant yon ti odè klò nan dlo a, si ou pa pran sant lan, mete yon lòt dòz klowòks, epi kite dlo a poze pou yon lòt 15 minit.
  • Bouche veso a sere avèk bouchon orijinal la. Pran prekosyon ou pou pa manyen andedan bouchon an avèk dwèt ou pou pa kontamine li. Mete yon dat sou deyò veso a pou ou kapab konnen lè ou te plen li. Konsève li kote ki frèt ak sonb.

Ou kapab trete dlo a avèk grenn pirifikasyon dlo ou kapab achte nan pifò magazen ki vann atik pou espò

Chak sis (6) mwa, ou ta dwe ranplase dlo yo pa t vann ou nan boutèy.

  • Gen plis enfòmasyon sou tretman dlo ki disponib sou Entènèt nan sitwèb Red Cross.org.