Main Content

Kominikasyon Fanmi

Yon fanmi souri ak yon bèt kay nan lakou yo

Fanmi ou ka pa ansanm lè gen yon katastwòf, kidonk planifye fason youn ap kontakte lòt. Reflechi sou fason n ap kominike nan diferan sitiyasyon.

Ranpli yon kat kontak pou chak manm adilt fanmi an. Fè yo mete kat sa yo nan yon bous, sak-a-men oswa valiz, elatriye. Answit, ranpli kat kontak yo pou chak timoun ki nan fanmi ou. Mete kat yo nan sakado yo oswa nan valiz liv yo.

Kontakte gadri oswa lekòl pitit ou. Sant medikal ki deziyen pou timoun ta dwe mete planifikasyon pou idantifikasyon nan plan pou ijans yo.

Konsèy pou Kominikasyon Fanmi

Idantifye yon kontak tankou yon zanmi oswa yon manm fanmi k ap viv deyò eta a pou moun lakay ou fè konnen yo pa nan danje. Li ka pi fasil pou fè yon apèl entè-iben pase pou rele nan vilaj la, kidonk yon kontak deyò vil la ka nan yon pi bon pozisyon pou kominike avèk manm fanmi ki separe yo.

Asire chak manm fanmi ou konnen nimewo telefòn lan, epi asire yo gen yon telefòn selilè, lajan monnen oswa yon kat telefòn ki peye davans pou rele kontak pou ijans lan. Si ou gen yon telefòn selilè, pwograme moun sa a (yo) kòm "ICE" (Sizoka gen Ijans) nan telefòn ou. Si ou nan yon aksidan, anplwaye ijans yo ap souvan tcheke lis ICE ou yo pou yo ka kontakte yon moun ou konnen. Asire ou fè fanmi ak zanmi ou konnen ou mete yo nan lis telefòn ou kòm kontak pou ijans.

Montre fanmi ou kijan pou yo itilize mesajri tèks (ki rele tou SMS oswa Sèvis Mesaj Kout). Mesaj tèks yo kapab rive nan rezo ki anpàn lè yon apèl telefonik ta ka pa anmezi pou pase.

Enskri nan sèvis alèt. Kounye a, anpil kominote gen sistèm k ap voye alèt tèks oswa imèl rapidman pou fè ou konnen lè gen move tan, lè wout yo fèmen, lè gen ijans lokal, elatriye. Enskri ou. Pou fè sa, ale sou Entènèt nan sitwèb Biwo Jesyon Ijans Lokal ou.