Main Content

Fèmti Sèvis Piblik ak Sekirite

Fèmti Sèvis Piblik: Gaz Natirèl

Wrench types used to shut of a gas

Fuit gaz natirèl ak eksplozyon responsab pou yon gwo kantite dife apre katastwòf yo. Li enpòtan pou tout moun nan kay la konnen kijan pou yo fèmen gaz natirèl la.

Paske gen diferan pwosedi pou fèmen gaz natirèl pou diferan konfigirasyon kontè gaz, li enpòtan pou kontakte konpayi gaz lokal ou pou jwenn nenpòt konsèy sou preparasyon ak repons konsènan aparèy ki fonksyone avèk gaz ak sèvis gaz pou lakay ou.

Lè ou aprann pwosedi kòrèk pou fèmen gaz la pou kontè ou, divilge enfòmasyon an ba tout moun lakay ou. Asire ou pa fèmen gaz la toutbon lè w ap pratike pwosedi kòrèk pou fèmen gaz la.

Si ou pran sant gaz oswa si ou tande yon bwi k ap soufle oswa k ap sifle, louvri yon fenèt epi fè tout moun sòti deyò byen vit. Fèmen gaz la, avèk vàn tiyo prensipal deyò a, si ou kapab, epi rele konpayi gaz la nan yon kay vwazen ou.

Prekosyon pou pran: Si ou fèmen gaz la pou nenpòt rezon, se yon pwofesyonèl kalifye ki dwe louvri li ankò. PA JANM eseye louvri gaz la ankò poukont ou.

Pou fèmen gaz la, ou ka bezwen yon kle espesyal, chèche konnen davans kisa lakay ou bezwen anvan yon ijans.

Fèmti Sèvis Piblik: Dlo

A household shut-off valve

Dlo vin yon resous presye apre anpil katastwòf. Li enpòtan pou tout moun nan kay la aprann kijan pou yo fèmen dlo a nan vàn tiyo prensipal kay la.

Anvan gen yon ijans, chèch kote vàn pou tiyo dlo a ki antre lakay ou, epi make vàn sa a avèk yon etikèt pou ka idantifye li fasil. Asire tout moun lakay ou konnen kote li ye.

Asire vàn sa a kapab fèmen nèt. Vàn ou ka louvri wouye oswa li ka fèmen an pati sèlman. Si se sa, ranplase li.

Tiyo ki gen fant yo ka polye dlo ki disponib pou antre lakay ou. Li bon pou fèmen dlo ou jouk lè ou tande otorite yo fè konnen pa gen pwoblèm pou bwè dlo a.

Efè gravite a ka seche dlo ki nan aparèy chofaj dlo ou ak rezèvwa twalèt yo, sof si ou bloke li lakay ou si ou fèmen vàn tiyo prensipal kay la. (Sa pa vàn lari a ki nan bwat simante ki arebò twotwa a – vàn lari a difisil anpil pou vire, epi ou bezwen yon zouti espesyal pou fè sa.)

Fèmti Sèvis Piblik: Kouran Elektrik

Close up of an electrical circuit breaker panel

Etensèl elektrik gen posiblite pou limen gaz natirèl si gaz la gen fuit. Li bon pou montre tout moun lakay ou ki responsab kote ak kijan pou yo fèmen kouran elektrik la.

Chèche kote bwat sikui elektrik ou ye. Pou sekirite ou, toujou fèmen tout sikui apa yo anvan ou fèmen sikui prensipal la.