Main Content

Chwa pou Pwoteksyon

Selon sikonstans ou ak kalite ijans lan, premye desizyon enpòtan an se si pou rete kote ou ye a oswa pou deplase. Ou ta dwe konprann toulède posiblite yo epi planifye pou yo. Itilize bon sans ou ak enfòmasyon disponib yo, avèk tou sa ou aprann isit la, pou detèmine si gen yon danje imedyat. Nan nenpòt ijans, otorite lokal yo kapab oswa pa kapab bay enfòmasyon imedyatman sou sa k ap pase a ak sa ou ta dwe fè. Men, ou ta dwe gade televizyon, koute radyo oswa tcheke Entènèt souvan pou jwenn enfòmasyon oswa enstriksyon ofisyèl yo nan moman yo vin disponib. Lòt enfòmasyon pou konnen si pou pa bouje oswa si pou pran abri anplas.

ENFÒMASYON SOU IJANS

Chèche konnen ki kalite katastwòf, natirèl ak sa moun lakòz, ki gen plis chans pou rive nan zòn ou ak fason w ap resevwa notifikasyon sou sa. Metòd pou atire atansyon ou pa menm pou chak kominote. Yon metòd ki komen se emèt nan radyo ijans ak nan emisyon televizyon. Ou ta ka tande yon sirèn espesyal, oswa yon apèl telefonik oswa travayè ijans yo ka ale nan chak pòt.

PLAN POU IJANS

 Ou ka vle vle chèche enfòmasyon tou sou plan pou ijans lan nan kote fanmi ou yo pase tan:  travay, gadri ak lekòl. Si pa gen plan, anvizaje sèvi kòm volontè pou kreye youn. Pale avèk vwazen ou sou fason ou kapab travay ansanm avèk yo sizoka gen yon ijans. W ap prepare pi byen pou reyini fanmi ou ak moun ou yo san pwoblèm pandan yon ijans si ou reflechi davans ak kominike davans avèk lòt yo. Li plis: Lekòl ak Espas Travay.