Main Content

Fason pou Antreteni Twous Ou

Menm jan li enpòtan pou mete rezèv ou ansanm, li enpòtan tou pou konsève rezèv ou pou yo ka an sekirite epi pou itilize yo lè li nesesè. Men kèk konsèy pou rezèv ou toujou pare ak nan bon kondisyon:

  • Kite manje ki nan bwat yo yon kote ki frèt ak sèk.
  • Konsève manje ki nan bwat yo nan bwat plastik oswa bwat metal ki fèmen sere pou pwoteje yo kont bèt nuizib, epitou pou pwolonje diredvi yo.
  • Jete nenpòt manje nan bwat ki vin gonfle, ki gen twou, oswa ki wonje.
  • Itilize manje yo anvan yo vin pa bon, epi ranplase yo avèk rezèv ki fre.
  • Mete nouvo atik yo dèyè zòn estokaj la, epi mete ansyen yo devan.
  • Chanje manje ou konsève yo ak rezèv dlo chak sis (6) mwa. Asire ou ekri dat ou konsève li sou tout bwat yo.
  • Revize bezwen ou yo chak ane, epi chanje twous rezèv ou menm jan bezwen fanmi ou chanje.

Mete atik yo nan sache plastik ki byen fèmen, epitou mete tout rezèv pou katastwòf ou nan yon bwat oswa nan de (2) bwat ki fasil pou pote, tankou yon poubèl ou pa itilize, sakado pou kan, oswa sak maren.

Download rekòmande Pwodwi pou lis.