Main Content

Ensidan Sibstans Danjere

Motè tren k ap woule sou ray la pandan l ap degaje lafimen nwa

Yo jwenn sibstans chimik tout kote. Yo pirifye dlo pou bwè, yo ogmante pwodiksyon danre, epitou yo fè travay nan kay vin senp. Men sibstans chimik yo ka danjere tou pou moun oswa pou anviwònman an si moun itilize yo oswa degaje yo yon fason ki pa kòrèk. Kapab gen danje pandan pwodiksyon, estokaj, transpò, itilizasyon oswa eliminasyon. Oumenm ak kominote ou nan risk si yo itilize yon sibstans chimik yon fason ki danjere nan kantite ki nuizib pou anviwònman kote w ap viv, travay oswa jwe.

Materyèl danjere sou plizyè fòm kapab lakòz lanmò, domaj grav, efè ki dire lontan sou sante ak domaj nan bilding, kay, ak lòt pwopriyete. Yo itilize ak konsève anpil pwodui ki gen sibstans chimik danjere nan kay nòmalman. Yo pote pwodui sa yo chak jou nan otowout, chemennfè, wout navigab, ak oleyodik peyi a.

Fabrikan sibstans chimik yo se yon sous materyèl danjere, men gen anpil lòt, tankou ponp gaz, lopital, ak espas dechè materyèl danjere.

Yo fè, itilize ak estoke plizyè kantite materyèl danjere nan apeprè 4.5 milyon lokal Ozetazini--depi nan gwo izin endistriyèl pou rive nan lokal lavaj asèk oswa nan magazen ki vann materyèl pou fè jaden.

Materyèl danjere yo vini sou fòm eksploziv, sibstans flamab ak konbistib, pwazon ak materyèl radyo-aktif. Sibstans sa yo degaje pi souvan akòz aksidan nan transpò, oswa akòz aksidan chimik nan izin yo.

Anvan yon Ensidan Materyèl Danjere

Yon ekip repons pou materyèl danjere ap pratik metòd sekou pou sove lavi mounAnpil kominote gen Komite Planifikasyon Ijans Lokal yo (LEPC). Responsablite komite sa yo gen ladan rasanble enfòmasyon sou materyèl danjere nan kominote a epi mete enfòmasyon sa yo disponib pou piblik la sou demann. LEPC yo gen responsablite tou pou devlope yon plan pou ijans pou prepare ak reponn pou ijans chimik nan kominote a. Plan an gen ladan fason y ap fè piblik la konnen ak aksyon piblik la dwe fè sizoka gen yon degajman sibstans chimik.

Kontakte LEPC yo pou konnen plis enfòmasyon sou danje chimik ak sa ki dwe fèt pou diminye risk la nèt pou moun ak pou kominote a nan materyèl sa yo. Biwo jesyon ijans lokal ou kapab ba ou enfòmasyon pou kontak sou LEPC yo. Chèche jwenn biwo oswa ajans jesyon ijans eta kote w ap viv la.

Bagay ki anba la yo se bagay ou kapab fè pou pwoteje tèt ou, fanmi ou ak byen ou kont konsekans yon ensidan materyèl danjere:

  • Prepare yon Twous Rezèv pou Ijans, ki genyen ladan atik tankou manje ki p ap gate, dlo, ak yon radyo ki fonksyone avèk pil oswa avèk manivèl, flach ak pil siplemantè. Ou ta dwe mete bach plastik, adeziv twal, ak sizo nan twous la pou kapab pi byen prepare pou yon ensidan materyèl danjere. Ou ka vle prepare yon twous pòtatif pou mete li nan vwati ou sizoka yo mande ou pou deplase.
  • Fè yon Plan Fanmi ou pou Ijans. Fanmi ou ka pa ansanm lè gen yon katastwòf, poutèt sa li enpòtan pou konnen kijan youn ap kontakte lòt, kijan n ap tounen ansanm ak sa w ap fè sizoka gen yon ijans.

Pandan yon Ensidan Materyèl Danjere

Koute estasyon radyo oswa televizyon lokal pou jwenn enfòmasyon detaye ak enstriksyon yo. Swiv enstriksyon yo avèk anpil prekosyon. Ou ta dwe rete lwen zòn nan pou diminye risk kontaminasyon nèt. Sonje kèk sibstans chimik toksik pa gen odè.

SI OU:

LÈ SA A:

Mande ou pou deplase

Fè sa imedyatman.

Toujou koute yon estasyon radyo oswa televizyon pou jwenn enfòmasyon sou wout pou deplasman, abri pwovizwa ak pwosedi yo.

Swiv wout otorite yo rekòmande--wout koupe yo ka pa bon. Kite yon sèl fwa.

Si ou gen tan, diminye kontaminasyon nèt nan kay la. Pou fè sa, fèmen tout fenèt yo, fèmen tout bouch ayerasyon yo, epitou fèmen vantilatè galta yo.

Pran rezèv ou te rasanble davans yo pou katastwòf la.

Sonje pou ede vwazen ou yo ki ka bezwen asistans espesyal--tibebe, granmoun aje ak moun ki gen bezwen pou aksè oswa bezwen fonksyonèl.

Si Ou Bloke Deyò

Rete pa anwo, tankou w ap monte, ak nan direksyon kontrè van an! Anjeneral, eseye ale omwen sou yon distans mwatye mil (anjeneral 9-10 blòk vil) nan zòn danje a. Deplase lwen kote ki gen aksidan an, epi ede lòt yo rete lwen.

Pa mache oswa pa mete men ou nan okenn likid ki tonbe, brim ki vini nan van, oswa depo sibstans solid konsantre. Pa eseye inale gaz, vapè ak lafimen. Si li posib, kouvri bouch ou avèk yon twal pandan w ap kite zòn nan.

Rete lwen moun ki viktim aksidan an jouk lè yo idantifye materyèl danjere a.

Nan yon veyikil-a-motè

Kanpe epi chèche abri nan yon bilding pèmanan. Si ou dwe rete nan vwati ou, kite fenèt ak ayerasyon vwati a fèmen, epi fèmen è-kondisyone a ak chofaj la.

Mande ou pou rete andedan

Mennen bèt ou andedan.

Fèmen ak take tout pòt ak fenèt deyò yo. Fèmen bouch ayerasyon yo, rejis chemine a, ak anpil pòt andedan otank posib.

Fèmen è-kondisyone yo ak sistèm ayerasyon yo. Nan gwo bilding yo, fikse sistèm ayerasyon yo a 100 pousan re-sikilasyon yon fason pou lè deyò a pa antre andedan bilding nan. Si sa pa posib, ou ta dwe fèmen sistèm ayerasyon yo.

Ale nan chanm abri ou te chwazi davans lan. Chanm sa a ta dwe anlè sòl la, epi li ta dwe gen mwens ouvèti sou deyò.

Bouche twou anba papòt yo ak fenèt yo avèk twal mouye oswa bach plastik ak adeziv twal.

Bouche twou toutotou fenèt ak inite è-kondisyone, vantilatè aspirasyon twalèt ak kuizin, ak bouch ayerasyon fou ak sechwa avèk adeziv twal ak bach plastik, papye parafine oswa papye aliminyòm.

Itilize materyèl pou bouche fant ak twou nan chanm nan, tankou twou ak fant ki toutotou tiyo yo.

Si gaz oswa vapè kapab antre nan bilding nan, respire fò nan yon twal oswa nan yon sèvyèt. Pa manje oswa pa bwè nenpòt manje oswa dlo ki ka kontamine.

 

Sekirite Abri pou Chanm ki Bouche yo

Dis (10) pye kare espas planche pou chak moun ap bay ase lè pou evite gaz kabonik anpile pandan apeprè senk (5) èdtan, si ou sipoze chak moun ap respire nòmalman pandan y ap repoze.

Men, li mwen posib pou ofisyèl lokal yo rekòmande pou moun yo pran abri piblik nan yon chanm ki bouche pandan plis pase 2-3 èdtan, paske yon abri konsa ap vini mwen efikas apre yon sèten tan poutèt lè deyò a ki kontamine a ap enfiltre nan abri a ofi-amezi. Nan pwen sa a, deplasman nan zòn nan se aksyon pou pran pou jwenn plis pwoteksyon.

Epitou, ou ta dwe ayere abri a lè ijans lan pase pou pa respire lè ki kontamine pandan ou toujou andedan abri a.

Li plis sou “Fason pou Pran Abri Anplas.”

Apre yon Ensidan Materyèl Danjere

Sa ki anba la yo se gid pou peryòd ki vini apre yon ensidan materyèl danjere:

  • Ale nan yon abri piblik yo bay si yo te di ou pou deplase, oswa si ou santi ou pa gen sekirite pou rete lakay ou. Voye tèks SHELTER + Kòd postal ou nano 43362 (4FEMA) pou jwenn abri ki pi pre nan zòn ou (egzanp: shelter 12345).
  • Aji vit si ou te pran kontak avèk sibstans chimik danjere oswa si ou te ekspoze ladan.
  • Swiv enstriksyon otorite lokal yo bay pou de-kontaminasyon. Yo ka mande ou pou pran yon douch okonplè, oswa yo ka mande ou pou rete lwen dlo epi pou swiv yon lòt pwosedi.
  • Chèche tretman medikal san pèdi tan si ou gen sentòm ki dwòl.
  • Mete rad ak soulye ki ekspoze yo nan bwat ki byen fèmen. Pa kite yo nan kontak avèk lòt materyèl. Rele otorite lokal yo pou konnen ki bon fason pou elimine yo.
  • Fè tout moun ki vin an kontak avèk ou konnen ou te ka ekspoze nan yon sibstans toksik.
  • Koute radyo oswa televizyon lokal pou jwenn dènye enfòmasyon sou ijans lan.
  • Ede yon vwazen ki ka bezwen asistans espesyal - tibebe, granmoun aje ak moun ki gen bezwen pou aksè oswa bezwen fonksyonèl. Moun k ap pran swen yo oswa ki gen gwo fanmi ka bezwen lòt asistans nan sitiyasyon ijan yo.
  • Retounen lakay ou sèlman lè otorite yo endike pa gen pwoblèm. Louvri fenèt ak bouch ayerasyon yo, epi limen vantilatè yo pou bay ayerasyon.
  • Mande otorite lokal yo kijan pou netwaye teren ak kay ou.
  • Rapòte nenpòt vapè ki pwolonje oswa lòt danje ba biwo sèvis ijans lokal ou.

Sitwèb Asosye

Ale sou Entènèt nan sitwèb ki anba la yo pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou planifye ak prepare pou yon ensidan materyèl danjere ak sou fason pou konnen resous ki disponib yo:

Koute Ofisyèl lokal yo

Aprann kichòy sou plan pou ijans yo gouvènman eta ak gouvènman lokalkreye nan zòn ou. Nan nenpòt ijans, toujou koute enstwiksyon ofisyèl jesyon ijans lokal yo bay.