Main Content

Moun Ki Gen Pwoblèm Aksè Ak Pwoblèm Fonksyonèl

Visually impared person using a guide-dog

Preparasyon Fè Sans pou Moun Andikape ak Lòt Bezwen Fonksyonèl Aksè ak - angle
Jwenn Videyo Embed kòd la oswa
Download Transkripsyon an isit la nan lang angle.

Chak moun gen bezwen ak mwayen ki diferan, men chak moun kapab fè etap enpòtan pou prepare tout kalite ijans ak mete plan yo anplas. Lè ou evalye bezwen pèsonèl pa ou yo ak lè ou fè yon plan pou ijans, ou kapab pi byen prepare pou nenpòt sitiyasyon.

Yon angajman pou planifye jodi a ap ede ou prepare pou nenpòt sitiyasyon ijans.

  • Konsidere kijan yon katastwòf ta ka afekte bezwen endividyèl ou yo.
  • Planifye pou debouye ou poukont ou, omwen pou yon peryòd tan. Li posib pou pa kapab antre nan yon sant medikal oswa menm nan yon famasi.
  • Idantifye ki kalite resous ou itilize chak jou ak sa ou ta kapab fè si pa gen ase oswa si yo pa disponib.
  • Prepare yon Twous avèk sèl konsiderasyon ou nan tèt ou. Kisa ou bezwen pou sipòte sante ou, sekirite ou ak endepandans ou?

Si oumenm oswa yon moun pwòch ou gen bezwen akòz yon andikap oswa lòt bezwen pou jwenn aksè oswa lòt bezwen fonksyonèl, ou ka gen pou pran mezi siplemantè pou pwoteje tèt ou ak fanmi ou.

Chèche jwenn enfòmasyon sou asistans pou chak moun apa ki ka disponib nan kominote ou. Enskri ou davans nan biwo sèvis pou ijans lan, nan depatman ponpye lokal ou, nan lòt ajans gouvènman oswa nan gwoup kominotè. Fè yo konnen bezwen apa ou, oswa bezwen yon manm fanmi ou, epi chèche konnen ki asistans, èd oswa sèvis yo kapab bay.

 Ki moun ki gen pwoblèm aksè ak pwoblèm fonksyonèl?

  • Moun ki soud oswa ki tande di ka bezwen fè aranjman espesyal pou resevwa avètisman pou ijans yo.
  • Paran selibatè k ap travay ak paran ki pa maton nan lang Angle ka bezwen èd pou planifye pou katastwòf ak ijans yo. Kominote, gwoup relijye ak gwoup kiltirèl yo ka anmezi pou toujou bay moun yo enfòmasyon.
  • Moun ki pa gen machin ka bezwen fè aranjman pou sèvis transpò.
  • Moun ki gen bezwen dyetetik espesyal ta dwe pran prekosyon pou gen yon rezèv manje apwopriye pou ijans lan.

Planifikasyon

Young man in wheelchair on laptop

Kounye a, moman an rive pou planifye davans pou sa ou ka bezwen pou rete an sekirite, an sante, ak enfòme, mobil ak endepandan pandan yon katastwòf. Sonje yon katastwòf ka lakòz ou bezwen abri lakay ou oswa li ka lakòz ou bezwen deplase pou ale nan yon abri pou ijans lan oswa nan lòt fòm lojman pwovizwa.

Anplis atik yo rekòmande nan Ready.gov pou mete nan yon twous rezèv debaz pou ijans, moun ki gen bezwen akòz andikap ak lòt bezwen aksè ak bezwen fonksyonèl ka vle anvizaje mete lòt atik pou adapte avèk bezwen patikilye yo, klike sou onglè "Atik pou Ijans" pou jwenn plis enfòmasyon.

Pou jwenn enfòmasyon ak zouti ki asosye avèk preparasyon pou ijans pou moun ki gen andikap, ale sou Entènèt nan sitwèb Biwo FEMA pou Entegrasyon ak Kowòdinasyon Moun ki Andikape.

Enskri pou Dokiman FEMA RSS oswa pou imèl oswa mesaj tèks pou ijans nan sistèm alèt gouvènman lokal ou pou jwenn enfòmasyon enpòtan nan telefòn selilè oswa bipè ou, sizoka ou soud, tande di, oswa si ou pa kapab jwenn avi pou ijans lè genyen yo.

Epitou li tiliv "Prepare Pou Ijans yo Kounye a. Enfòmasyon pou Moun ki Andikape" nan sitwèb FEMA, ak sitwèb Lakwa-Wouj

Rete Indepandan

Lè w ap prepare, konsidere tout estrateji, sèvis, aparèy, zouti, ak teknik ou itilize pou viv avèk yon andikap chak jou. Toujou sonje ou ka bezwen medikaman, ekipman medikal dirab, materyèl medikal pou itilize yon sèl fwa, bèt-gid ou, teknoloji asistans, zouti kominikasyon, founisè sèvis pou andikap, lojman ki fasil pou gen aksè, sèvis transpò ak atik pou sante ou.

  • Kreye yon rezo sipò pou ede ou planifye pou yon ijans. Konsidere fanmi, vwazen, zanmi, moun ki ba ou sèvis yo, gwoup relijye ak gwoup kominotè. Fè moun sa yo konnen kote ou mete rezèv ou pou ijans. Bay omwen yon manm rezo sipò ou yon kle pou lakay ou oswa pou apatman ou.
  • Kontakte biwo jesyon enfòmasyon pou ijans gouvènman vil oswa konte ou, epi travay avèk yo pou itilize resous planifikasyon yo pou ijans.
  • Si w ap resevwa dyaliz oswa lòt tretman medikal pou sipòte lavi ou, idantifye kote a ak disponiblite plis pase yon sant medikal, epi travay avèk founisè swen sante ou pou kreye plan pèsonèl ou pou ijans.
  • Montre lòt yo kijan pou opere chèz-woulan ou oswa lòt aparèy asistans yo.
  • Kenbe enfòmasyon kontak yo pou sant lokal pou viv endepandan yo ak lòt òganizasyon sèvis pou moun andikape yon kote ki pwoteje ak fasil pou jwenn. Si ou bay nenpòt òganizasyon oswa founisè sèvis enfòmasyon sou bezwen fonksyonèl ou ak enfòmasyon sou sa ou ka bezwen nan yon ijans, kenbe done sa yo ajou.
  • Si ou itilize aparèy sipò lakay ou, sèvis Meals-on-Wheels (Repa yo distribiye nan machin), Life Alert oswa lòt sèvis sipò, travay avèk yo pou adapte plan preparasyon ijans ou pou satisfè bezwen ou yon fason pou ou kapab kenbe kontak avèk yo pandan ak apre yon ijans. Kontak sa a ka reprezante asirans ou pou lòt sèvis yo nan yon katastwòf.
  • Travay avèk sèvis transpò ak sèvis yo bay nan zòn ou pou moun andikape (pa egzanp, Sèvis Transpò Adapte, Sant pou Viv Endepandan) pou planifye davans pou sèvis transpò ki fasil pou jwenn si ou ka bezwen sa pou deplase oswa pou lòt rezon pandan yon katastwòf.
  • Devlope plan sipò pou sèvis asistans pèsonèl, sèvis swen pou soulajman oswa lòt fòm asistans nan kay.

Toujou sonje pandan yon ijans, ou ka bezwen eksplike ba premye sekouris yo ak ofisyèl ijans yo kijan ou bezwen deplase ak jwenn abri avèk fanmi ou, bèt-gid ou, moun k ap pran swen ou oswa founisè asistans pèsonèl pou yo kapab ba ou sipò ou bezwen pou antreteni sante ou, sekirite ou ak endepandans ou.

Ijans Atik

  • Linèt siplemantè, pwotèz oditif si ou genyen yo oswa si ou gen garanti pou yo
  • Chajè batri ak batri siplemantè pou pwotèz oditif, chè-woulan ki gen motè oswa lòt aparèy medikal ak aparèy teknoloji asistans ki fonksyone avèk batri
  • Kopi preskripsyon medikal, rekòmandasyon doktè, epi kalite ak nimewo seri aparèy sipò ou itilize
  • Etikèt oswa braslè alèt medikal oswa deskripsyon bezwen pou andikap ou ak bezwen sipò ou alekri, sizoka ou pa kapab dekri sitiyasyon an nan yon ijans
  • Rezèv pou bèt-gid ou
  • Kat asirans medikal, kat Medicare/Medicaid, enfòmasyon pou kontakte doktè, lis alèji ou yo ak istwa sante ou
  • Yon lis òganizasyon non-komèsyal ak òganizasyon kominotè lokal ki konnen ou oswa ki ede moun avèk aksè ak bezwen fonksyonèl ki sanble avèk pa ou yo
  • Yon lis kontak pèsonèl, fanmi ak zanmi ou ka bezwen pou kontakte nan yon ijans
  • Yon pano kominikasyon ;pèsonèl ki dispoze an kouch, si ou ta ka bezwen asistans pou yo konprann ou
  • Si li posib, medikaman siplemantè, oksijèn, ensilin, katetè oswa lòt materyèl medikal ou itilize regilyèman
  • Si ou itilize yon chè-woulan ki gen motè, ou dwe gen yon chèz manyè lejè ki disponib pou ijans yo. Konnen gwosè ak pwa chèz-woulan ou, anplis pou konnen si li kapab oswa pa kapab pliye, sizoka yo dwe pote li.
  • Menmsi ou pa itilize yon òdinatè pou ou, konsidere mete enfòmasyon enpòtan yo nan yon kle estokaj pou pote san pwoblèm nan yon deplasman.

Benefis Federal

Si w ap resevwa avantaj federal pou andikap ou, ou ta dwe konsidere transfere nan yon fòm peman elektwonik. Yon katastwòf kapab deranje sèvis lapòs pandan plizyè jou oswa menm pandan plizyè semèn. Pou moun ki depannde kourye pou avantaj Sekirite Sosyal yo, yon sitiyasyon difisil kapab vin pi grav si yo deplase oswa si yo pèdi sèvis kourye yo – jan 85,000 moun k ap resevwa chèk yo te aprann sa apre Ouragan Katrina. Chanjman nan peman elektwonik se yon fason ki senp ak enpòtan moun kapab pwoteje tèt yo sou plan finansye anvan gen yon katastwòf. Li elimine tou risk pou yo vòlè chèk yo.

Depatman Trezò Etazini rekòmande de (2) mwayen ki pi pwoteje pou jwenn avantaj federal yo:

  • Depo dirèk nan yon kont kouran oswa nan yon kont epay se pi bon chwa pou moun ki gen kont labank. Moun k ap resevwa avantaj federal yo kapab enskri depi yo rele (800) 333-1795 oswa depi yo ale sou Entènèt nan sitwèb www.GoDirect.org.
  • Kat debi Direct Express® ki peye davans se yon kat ki la kòm yon lòt mwayen parapò ak chèk papye pou moun ki pa gen yon kont labank. Li fasil pou enskri – rele gratis nan (877) 212-9991 oswa enskri sou Entènèt nan sitwèb www.USDirectExpress.com.

Enskripsyon pou depo dirèk oswa pou kat Direct Express® se yon etap senp men enpòtan ki kapab pwoteje fason pou fanmi ou jwenn lajan an sizoka bagay yo pa prevwa te dwe rive. Si oumenm oswa moun ki pwòch ou toujou ap resevwa avantaj Sekirite Sosyal oswa lòt avantaj federal sou fòm chèk, tanpri anvizaje chanje nan youn nan chwa sa yo ki pi pwoteje ak pi fasil jodi a.

Volontè

  • Patisipe oswa sèvi kòm volontè nan gwoup repons pou ijans, tankou Ekip Repons pou Ijans nan Kominote (CERT), Kò Rezèv Medikal, Siveyans nan Katye, Lakwa-Wouj AmerikenFEMA oswa lòt òganizasyon ki aktif nan bay asistans pou katastwòf. Anvizaje travay nan yon Konsèy Citizen Corpslokal sou planifikasyon pou ijans nan kominote ak sou fason pou sipòte edikasyon sou katastwòf. Ede ofisyèl ijans lokal yo aprann fason pou mete bezwen pou aksè ak bezwen fonksyonèl nan preparasyon ak nan aktivite repons ak fòmasyon yo.
  • Travay avèk planifikatè abri lokal yo ak manadjè ijans yo pou planifye davans pou abri k ap fasil pou popilasyon jeneral la jwenn nan yon ijans. Abri medikal yo se pou moun ki gen bezwen swen sante pou yon tan kout. Y ap pi byen sèvi pifò moun nan abri popilasyon jeneral la ansanm avèk fanmi yo, zanmi yo ak vwazen yo, kidonk li enpòtan pou planifye davans kounye a pou satisfè tout egzijans bezwen pou aksè ak bezwen fonksyonèl nan yon abri jeneral.

Sit Wèb ki gen rapò ak

Chèche jwenn lòt enfòmasyon sou fason moun ki gen Bezwen akòz Andikap ak Lòt Bezwen pou Aksè ak Bezwen Fonksyonèl kapab planifye ak prepare depi yo ale sou Entènèt nan sitwèb sa yo: