Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Sonje pou revize plan ou regilyèman, fè mizajou nan enfòmasyon kontak ou epi tcheke pwovizyon ki nan twous ou pou asire pa gen anyen ki ekspire, gate oswa chanje.

Sekirite Sanitè Manje Nan Yon Ijans

Inondasyon, dife, katastwòf nasyonal, oswa pèt enèji nan van fò, nèj, oswa glas kapab menase sekirite manje ou. Lè ou konnen sa pou fè anvan ak apre yon ijans sa kapab ede ou diminye risk maladi. Lè ou swiv gid sa yo, ou kapab minimize tou kantite manje ki kapab pèdi akòz deteryorasyon.

Kapab genyen blakawout nenpòt kilè nan ane a, epitou anpil èdtan ak anpil jou kapab pase pou vin genyen kouran nan zòn rezidansyèl yo. San kouran elektrik oswa san yon sous tanperati frè, manje ki estoke nan refrijerasyon ak nan frizè yo kapab vin pa pwoteje. Bakteri ki nan manje devlope vit lè tanperati yo anba 40 degre ak 140°F, epitou si yon moun manje nan manje sa yo, moun lan kapab vin malad anpil.

Chèche konnen kijan pou pwoteje manje ou pandan ak apre yon ijans depi ou ale nan sit wèb http://www.foodsafety.gov/keep/emergency/index.html (nan lang Angle)