Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Kèlkeswa fason yon siklòn rive, règ pou pwoteje tèt ou se règ ki senp: fè sòl la vin pi wo epi rete lwen dlo inondasyon.

Menas Chimik

Rezime

Yon atak chimik se lè yon moun fè espre pou devèse yon gaz toksik, likid oswa solid ki kapab anpwazonnen moun ak anviwònman an.

Siy Posib Menas Chimik

  • Anpil moun ki soufri avèk zye k ap kouri dlo, kontraksyon miskilè, etoufman, ki gen pwoblèm respirasyon oswa ki pèdi kouwòdinasyon miskilè.
  • Anpil zwazo, pwason oswa ti bèt ki malad oswa ki mouri reprezante kòz pou sispisyon an tou.

Si Ou Remake Siy Atak Chimik: Jwenn Lè Pwòp Imedyatman

  • Eseye defini zòn ki afekte a prese-prese oswa kote sibstans chimik lan sòti, si li posib.
  • Pran mezi imedyat pou deplase.
  • Si sibstans chimik lan andedan bilding kote ou ye a, sòti nan bilding lan san ou pa pase nan zòn ki kontamine a, si li posib.
  • Si ou pa kapab sòti nan bilding lan oswa si ou pa kapab jwenn lè ki pwòp san ou pa pase nan zòn kote ou remake siy yon atak chimik, li kapab pi bon pou deplase ale lwen nan limit ou kapab epi pou pran refij souplas.
  • Si ou deyò, deside vit ki fason ki pi rapid pou jwenn lè pwòp. Konsidere si ou kapab sòti nan zòn nan oswa si ou ta dwe ale andedan bilding ki pi pre a epi pou "pran refij souplas."

Si Ou Panse Ou Te Ekspoze nan yon Sibstans Chimik

Si zye ou ap koule dlo, ou santi pikotman sou po ou, epi ou gen pwoblèm pou respire, ou kapab te ekspoze nan yon sibstans chimik.

  • Si ou panse ou te kapab ekspoze nan yon sibstans chimik, dezabiye ou imedyatman epi lave kò ou.
  • Chèche yon tiyo awozaj, yon fontenn, oswa nenpòt kote ki genyen dlo, epi lave kò ou avèk savon si li posib, pou asire ou pa fwote sibstans chimik lan nan po ou.
  • Chèche swen medikal.

Pou jwenn plis enfòmasyon, al gade "Èske ou Pare?" (nan lang Angle) nan Federal Emergency Management Agency (nan lang Angle).