Ale dirèkteman nan navigasyon Ale dirèkteman nan kontni Skip to navigation Skip to content

Ready | Pòtal Tradiksyon yo | English
AkèyJwenn Yon TwousFè Yon PlanEnfòme W

Men Yon Bagay Pou Reflechi Sou Li...

Sonje pou fè yon lis veterinè oswa lopital veterinè ki nan lòt vil kote ou ta kapab bezwen mete bèt kay ou nan abri tanporè si w ap kite zòn nan.

Enfòme Ou

Enfòmasyon Leta ak Enfòmasyon
Lokal

Kat Etazini

  • Klike la a pou jwenn òganizasyon gouvènman ki nan zòn ou pou wè kijan ou kapab prepare pou ijans ki ta kapab pase kote w ap viv la.

Email this page to a friend - link  Imèl ba yon Zanmi.

Kèk nan bagay ou kapab fè pou prepare pou evènman sanzatann, tankou fè yon twous pwovizyon pou ijans ak devlope yon plan kominikasyon fanmi, se menm bagay pou yon ijans natirèl ak yon ijans moun lakòz.

Men, genyen diferans ki enpòtan pami ijans posib k ap gen konsekans sou desizyon w ap pran ak mezi w ap pran yo. Aprann plis bagay sou ijans posib ki ta kapab rive kote w ap viv la ak fason ki apwopriye pou reponn yo.

Answit, aprann kichòy sou plan-dijans gouvènman leta ak gouvènman lokal zòn ou te kreye.

Preparasyon pou ijans pa konsène sèlman moun Kalifòni kote ki kapab genyen tranblemanntè ak moun k ap viv nan pati peyi a ki rele "Tornado Alley" (Ale Tònad yo). Pou Ameriken yo, preparasyon an dwe konsidere kounye a katastwòf moun lakòz ak katastwòf natirèl yo tou. Lè ou konnen sa pou fè pandan yon ijans, sa reprezante yon pati enpòtan pou prepare epi sa kapab fè tout diferans lan lè segonn yo ap konte.

Èske ou pare? Pran tès sa a pou detèmine Kosyan Preparasyon (nan lang Angle).

Nan dat 12 jen 2009, tout estasyon televizyon ki t ap emèt an puisans Ozetazini te sispann emèt sou onn tradisyonèl (analòg) yo epi yo kòmanse emèt an dijital sèlman. Emisyon an dijital la pèmèt estasyon televizyon yo ofri imaj amelyore ak bon kalite son ak chenn adisyonèl. Yon benefis enpòtan chanjman an emisyon tout-dijital la sèke kounye a li libere kounye a nouvo pati bann espèk tradisyonèl (analòg) pou kominikasyon sekirite piblik la (tankou lapolis, depatman ponpye, ak ekip sekou yo). Chèche jwenn plis enfòmasyon sou si tranzisyon dijital televizyon (DTV) ap genyen oswa p ap genyen yon enpak sou ou. Ale nan sit wèb Komisyon Kominikasyon Federal la a http://www.dtv2009.gov/ (nan lang Angle).