VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

07 Me 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Ekip Kreol
Cherubin dorcil, Jean Robert philippe, Marie Luce Pierre, Lyonel Desmarattes
Moun ki pale kreyòl nan rejyon karayib la te sezi e yo te kontan an menm tan lè yo te tande Lavwadlamerik (VOA) ki tap emèt an kreyòl nan dat 7 fevriye 1986. Jounen jodiya, VOA gen pwogram nan lè a nan lang kreyòl la, 3 fwa pa jou, sòti lendi pou rive vandredi: 7 tè 30 di maten, midi 30 epi 5 kè de lapremidi-- e 2 fwa pa jou: midi 30 e 5 kè de lapremidi, le samdi e le dimanch.

 

Moun ka kapte pwogram Kreyol yo tou gras a RealAudio sou entènèt la:

7:30 A. M., lè lokal
12:30 P. M., lè lokal
5:00 P. M., lè lokal

Chak nan pwogram sa yo (ki dire 30 minit) prezante dènye nouvèl entènasynal yo, nouvèl sou espò, sou sa k ap pase nan domèn “l’art”, lasyans, ak domèn divètisman an (sinema, teyat, mizik, elt..). Edisyon maten an prezante kèk segman ki pase yon fwa pa semèn sou kesyon tankou, antwòt, sistèm lajustis ameriken an (Justis USA), avèk aktyalite a nan Karayib la, tandiske pwogram apremidi a, li menm, vini avèk kèk segman sou literati, agrikilti, lamedsin, edikasyon ak anviwonnman an. Gran moman nan pwogram vandredi a se Nouvèl an Vè e an Rim ki trè popilè. Pwogram wikenn Sèvis Kreyòl VOA la prezante nouvèl sou afè kourant’ tankou Rankont ak Ti Koze sou Aktyalite, ki analize an pwofondè enfòmasyon diferan sou plan entènasyonal e rejyonal kote li bay anpil detay sou nouvèl ki te domine aktyalite a nan semèn nan. E nou genyen tou nan wikenn nan pwogram ki pi lejè tankou Samdi, Kòktèl e Fantezi, yon pwogram ki plis konsène jenès la e kote nou prezante 10 premye misik sou lis magazine Billboard la ansanm ak entèvyou ki fèt ak atis yo; genyen tou Kontak, yon pwogram trè vivan e varye kote nou li lèt oditè yo. Tout pwogram nou yo pase pa satelit ak sou ond kout, e afilye nou genyen atravè Ayiti e nan Antiy fransèz e kreyolofòn yo releye yo an dirèk.

Orè Pwogram Kreyòl yo:

Lendi rive Vandredi 7:30 a.m. - 8:00 a.m.

Pwogram Maten an: Se yon pwogram nouvèl ak enfòmasyon ki dire 30 minit e ki enterese espesyalman oditè an Ayiti ak pati lès Karayib la, san bliye nouvèl sou espò ak tan-an, sou mond ekonomik la ak lot segman espesyal, plis editoryal Lavwadlamerik la.

Lendi rive Dimanch 12:30 p.m. - 1:00 p.m.

Se yon pwogram nouvèl ak enfòmasyon ki dire 30 minit e ki prezante repòtaj an gwo plan, entèvyou ak analiz an pwofondè avèk espè ki kalifye nan domèn yo. Genyen tou nouvèl rejyonal, entènasyonal, espò ak nouvèl sou mond ekonomik la avèk tan an.

Lendi rive Dimanch 5:00 p.m. - 5:30 p.m.

An plis segman nou abitye prezante yo, se yon pwogram nouvèl ak enfòmasyon ki dire 30 minit e kote nou pale de mond espektak la, de lamedsin, nou fè entèvou ak doktè ayisyen kap pratike o Zetazini; nou pale tou ak pwofesè e diferan entèlektyèl, espesyalis nan domèn anviwonnman-an, san bliye moun ki gen konesans nan lòt branch e sa ki gen non yo nan nouvèl yo.