VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

13 Me 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Meksik kontinye Anrejistre Viktim Grip A/H1N1 an


06-05-2009

A man sprays disinfectant, as a prevention against the transmission of swine flu, in a classroom at the Mexico's National Autonomous University, in Mexico City, 05 May 2009
Yon travayè sanitè kap flite dezenfektan pou anpeche moun trape viris A/H1N1 an nan yon klas nan Inivèsite Nasyonal Otonòm Meksik la, nan vil Meksiko.
Otorite meksikèn yo anonse 42 moun pèdi lavi yo nan epidemi enfliyenza
A-H1N1 an sou plis pase mil ka yo konfime.

Minis sante Meksik la, Jose Angel Cordova, anonse ogmantasyon kantite viktim yo mèkredi nan moman komès koumanse ap relouvri apre otorite yo te fè konnen viris la pap vale-teren jan yo te panse l’ la.

Nouvo chif sa yo mete a 44 kantite total ka yo konfime kòm grip A (H1N1) an atravè lemond. 2 lòt moun ki mouri anba maladi a se nan Eta Tekzas, Ozetazuni, yo anrejistre yo. Tekzas pataje fwontyè ak Meksik.

Youn nan viktim ki mouri Ozetazini yo, se yon dam 33 zan, ki desede lendi. Otorite yo di li tap soufrik ak pwoblèm sante depi kèk tan. Lòt pasyan an, se yon ti gason meksiken ki mouri semèn pase nan yon lopital nan Tekzas.

Plizyè nasyon--pami yo Meksik-- adopte mezi prevansyon pou anpeche viris grip A (H1N1) an gaye lakay yo. Mezi sa yo pa san konsekans sou ekonomi kote yo aplike yo. Jean-Pierre Leroy, ki prezante yon ribrik ekonomik chak jedi sou Lavwadlamerik, ap jete yon kout-je sou enpak mezi restriksyon yo genyen sou vwayaj ak sou endistri touristik nasyon sa yo, Meksik, an patikilye.

Fè yon klik dwat sou ralonj ki anwo, adwat, pajwèb la pou n' koute repòtaj Jean-Pierre Leroy a


Download Enpak Ekonomik Epidemi grip A H1N1 an
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Enpak Ekonomik Epidemi grip A H1N1 an
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Lòt Atik
 
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl