VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

23 Avril 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Ayiti Eleksyon: RNDDH Di Eleksyon an Dwe Refèt Kote Ki Te Gen Dezòd yo


23-04-2009

Gwoup imanitè ayisyen RNDDH, Rezo Nasyonal Defans Dwazimen, lanse apèl pou mande otorite polisyè e jidisyè yo pini responsab ak moun ki te mele nan zak vyolans ki dewoule jou eleksyon 19 avril la nan peyi Dayiti---espesyalman nan rejyon Plateau Central la kote Konsèy Elektoral Pwovizwa a te oblije anile vòt la apre yon seri ensidan vyolan ak akizasyon koken. Direktè gwoup la, Pierre Espérance, sepandan di KEP a pa bezwen refè eleksyon an atravè peyi a poutèt to patisipasyon an te ba anpil, men li ajoute nan Sant peyi a eleksyon an dwe refèt pou divès rezon li eksplike nan mikwo Lavwadlamerik. Ale sou lyen ki anwo e adwat paj sa a pou plis presizyon.

Antretan, Prezidan komisyon chèf leta ayisyen an, René Préval, mete sou pye pou etidye e fè pwopozisyon sou fason yo ta dwe "amande" Konstitisyon 1987 la te nan vil Jacmel (Sidès Ayiti) Korespondan nou Evelyne Adonis di nou istoryen Claude Moïse, te nan metwopòl jakmelyèn nan pou diskite ak responsab nan Sosyete Sivil nan rejyon sa a. Klike sou ralonj ki anwo, adwat, paj wèb sa a pou plis presizyon.

Yon lòt kote, apre ministè afè etranje peyi Dayiti anonse madi ke li pral kore e divèsifye relasyon diplomatik Ayiti ak peyi azyatik e arab yo. Pou ede'n wè pi klè nan demach sa a e chèche wè ki benefis ouvèti sa a ka pote pou Ayiti ak pwochen zanmi li nan rejyon sa yo, Lavwadlamerik te pale ak pwofesè relasyon entènasyonal, Jean-Robert Simonise.

Devlopman pwen sa yo: sou lyen ki anwo, adwat paj-web sa a.


Download Devlopman gran pwen aktyalite a pou apre midi 22 avril 2009 la
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Devlopman gran pwen aktyalite a pou apre midi 22 avril 2009 la
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl