VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

13 Me 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Grip A H1N1: Plis Pase 2.500 Moun Enfekte Ozetazini


10-05-2009

From left:  Paul Jarris, executive director of the Association of State and Territorial Health Officials, Rear Admiral Anne Schuchat of CDC and Dr.Anthony Fauci of NIH on Capitol Hill, 28 Apr 2009
Sòt' agoch pou rive adwat: Paul Jarris, direktè ekzekitif Asosyasyon Eta ak Responsab Sante Teritoryal la; contre-Amiral Anne Schuchat (CDC) ak Dr.Anthony Fauci (NIH)
Epidemi grip A (H1N1) kontinye gaye Ozetazini. Sant Pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a (CDC) nan Atlanta, Eta Georgie, atann ke l' detekte plis ka enfeksyon atravè peyi a kote 2.532 kretyen-vivan ap soufri ak grip la. CDC di plis ka yo ap ogmante, plis ap genyen moun "entène" lopital e petèt plis moun ka mouri nan jou ak nan semèn kap vini yo.

Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi a adopte gwo mezi pou fè fas ak pwogresyon epidemi an. Objektif mezi li pran yo se: redui pwopagasyon viris la ak gravite li, bay responsab kap founi swen sante ak responsab sante piblik yo ansanm ak popilasyon an enfòmasyon sou danje grip sa a poze pou piblik la.

Kounye a, CDC fè konnen genyen 44 Eta (Washington DC enplike tou) kote moun ap soufri ak grip A H1N1 an ki deja touye 3 kreyen-vivan Ozetazini. Dènye viktim nan se yon malad nan Eta Washington ki tap soufri ak pwoblèm kè ki mouri anba konplikasyon grip A (H1N1) an.


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl