VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

04 Me 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Minis Sante Meksik la Di Epidemi Grip A/H1N1 an Fè Yon Ralanti


04-05-2009

Mexico's Health Minister Jose Angel Cordova,  02 May 2009
Minis sante Meksiken an, José Angel Cordova
Otorite mesiken yo fè konnen, nan 24 trè ki pase yo, yo pa anrejistre okenn nouvo ka grip A/H1N1 an e yo di epidemi an antre nan yon faz ralanti. Minis sante Meksik la, José Angel Cordova, deklare: "kantite mò ki konfime yo se 25 sou yon total de 590 moun ki trape viris la".

Dapre Angel Cordova, peryòd pi grav epidemi an se te ant 23 pou rive 28 avril. Li presize, kounye a, yo dekouvri mwens ka kote vi malad yo andanje. Men li avèti : "sa pa vle di pou moun dwe sispan pran prekosyon ki nesesè pou yo pa trape viris la".

Ozetazini, dapre ajans nouvèl Associated Press ki site Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi Atlant a (CDC), otorite sanitè yo resanse 286 ka nan 36 Eta ak 1 mò. Anvan, Sant la de pale de 160 ka konfime nan 21 Eta. http://www.cdc.gov/h1n1/ Kidonk, maladi a sanble ap vale-teren. Atravè lemond, 20 peyi rapòte 985 ka konfime grip A/H1N1 an.

http://www.who.int/csr/disease/swineflu/en/index.html

Prezidan Barack Obama fè konnen tout ajans federal Lèzetazini ki konsène nan efò pou konbat pwogresyon viris A/H1N1 ki bay grip pòsin nan, reyalize yon travay ekstwòdinè
President Barack Obama says swine flu threat 'cause for concern' in remarks at National Academy of Sciences in Washington, 27 April 2009
  Prezidan Barack Obama
e li di yo mèsi pou sa. Daprè deklarasyon lidè ameriken an fè nan kòmansman wikenn nan, efò yo pral kontinye avèk plis vijilans, menmsi finalman moun ta fin pa wè fenomèn medikal sa a pa osi tèrib ke yo panse.

Mesye Obama di genyen anpil travay ki rete pou fèt pou sizoka viris A/H1N1 an ta reparèt pi ta nan sezon grip la e sou yon fòm ki pi bay pwoblèm ki pi grav. Se pou sa preparasyon ki fèt e kap kontinye fèt yo genyen tout enpòtans yo.

http://www.who.int/fr/

NB: Chif sa yo ka chanje a nenpòt moman (Tcheke videyo sa a: http://www.youtube.com/watch?v=dNj0rwjmkks pou kèk konsèy ijyèn pratik e enteresan nou ta dwe aplike)


E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Lòt Atik
Pou plis detay sou pwogresyon viris A/H1N1 Ozetazini Klike sou Ralonj sa a
 
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl