Premye minis Michèle Duvivier Pierre-Louis drese madi 2 janvye 2009 la
bilan ane 2008-la---yon ane ki te pote anpil dèy ak kalamite pou
Ayiti.Jorel Labadie, jounalis salle des nouvelles “Radyo
|
Michèle Pierre-Louis (foto achiv) |
Ginen”, yon
radyo afilye Lavwadlamerik nan peyi Dayiti te rezume gran pwen nan
diskou chèf gouvèn ayisyen an nan mikwo Jacques Jean-Baptiste. Antretan, reyaksyon sou mesaj prezidan René Préval delivre mèkredi premye
janvye a koumanse tonbe. Pierre Espérans, Direktè Rezo Nasyonal Defans
Dwa Moun (RNDDH) kritike msye Préval li di ki pa eksplike kòman li
pral finanse pwojè li anonse pou soulaje pwoblèm lavi chè a. Yon lòt kote,
nan Miragoâne---yon vil nan rejyon sudwès Ayiti-- jounalis Yves-Marie
Jasmin fè konnen pi gwo otorite eklezyal nan vil sa a lanse apèl anfavè
Inyon nan okazyon fèt endepandans lan. Evèk Depatman Nippes la,
monseyè Pierre André Dumas deklare “La hèn ak divizyon” anpeche pèp la
akonpli objektif zansèt yo te vize nan lut pou endepandans peyi a.
Se
prensipal pwen ki domine aktyalite a jou 2 janvye a nan peyi Dayiti.
NB: Nou ka koute repòtaj kolaboratè jounalis ak korespondan nou yo si
nou fè yon klik sou ralonj ki anlè, adwat, a kote paj wèb la oubyen
agòch paj la sou "pwogram nou yo" epi chwazi ki pwogram ou vle koute.