VOANews.com

Lavwadlamerik ▪ Creole Nouvèl ak Enfòmasyon ou ka Fè Konfyans

03 Janvye 2009 

Aktyalite a sou VOA:

Nouvèl nan 45 lang


 

Ann' Ayiti, Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis Fè Bilan Ane 2008 la


02-01-2009

Premye minis Michèle Duvivier Pierre-Louis drese madi 2 janvye 2009 la bilan ane 2008-la---yon ane ki te pote anpil dèy ak kalamite pou Ayiti.Jorel Labadie, jounalis salle des nouvelles “Radyo
[insert caption here]
Michèle Pierre-Louis (foto achiv)
Ginen”, yon radyo afilye Lavwadlamerik nan peyi Dayiti te rezume gran pwen nan diskou chèf gouvèn ayisyen an nan mikwo Jacques Jean-Baptiste. Antretan, reyaksyon sou mesaj prezidan René Préval delivre mèkredi premye janvye a koumanse tonbe. Pierre Espérans, Direktè Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) kritike msye Préval li di ki pa eksplike kòman li pral finanse pwojè li anonse pou soulaje pwoblèm lavi chè a. 

Yon lòt kote, nan Miragoâne---yon vil nan rejyon sudwès Ayiti-- jounalis Yves-Marie Jasmin fè konnen pi gwo otorite eklezyal nan vil sa a lanse apèl anfavè Inyon nan okazyon fèt endepandans lan. Evèk Depatman Nippes la, monseyè Pierre André Dumas deklare “La hèn ak divizyon” anpeche pèp la akonpli objektif zansèt yo te vize nan lut pou endepandans peyi a. 

Se prensipal pwen ki domine aktyalite a jou 2 janvye a nan peyi Dayiti. 

NB: Nou ka koute repòtaj kolaboratè jounalis ak korespondan nou yo si nou fè yon klik sou ralonj ki anlè, adwat, a kote paj wèb la oubyen agòch paj la sou "pwogram nou yo" epi chwazi ki pwogram ou vle koute.


Listen to This Report Kont-randi diskou premye minis Pierre-Louis a ak reyaksyon sou diskou premye janvye prezidan Préval la
Telechaje  (MP3)
Listen to This Report Kont-randi diskou premye minis Pierre-Louis a ak reyaksyon sou diskou premye janvye prezidan Préval la
Koute (MP3)
E-mail This Article Voye kourye sa a bay yon zanmi
Print This Article Vèsyon ou ka enprime
  Atik Prensipal

  Lòt Nouvèl