Skip Navigation
Paj Biwo Avoka Etazini

Pratik Dekouvet

Nan efo pou adrese sa ki konsenen dekouvet ki an relasyon ak manda pou fouye nan ka kriminel, biwo sa a preskri pratik swivan yo, pou fasilite dekouvet a defandan yo pou materyèl sou manda fouye ka kriminel anke defandan yo gen dwa genyen:

Lè nenpòt ki defandan nan yon ka genyen (oswa paret ke li genyen) pou li kandida pou li rekize evidans lan ki leve dapre yon manda fouy lan, AUSA lan pral idantifye manda fouy lan bay defandan an pa nimewo jij majistra a e li pral remet defandan an yon kopi manda fouy sa, ak aplikasyon ki sipote li an, afidavi ak retou, si evidans yo pa sele. Si materyel sa yo sele, AUSA lan fèt pou li imedyatman f è demach pou yo fè yo retire restriksyon sa yo sou materyel lan, ak vin pwodwi yo, oswa yo pral adrese sije a sou papye yo ki sele a, an eseye jwen ako ak avoka defandan an, oswa pa pouswiv deman lan pa yon zod pwoteksyon.

Kote yo pwodi materyèl manda fouy lan bay defandan ki an bon kandida pou yo desavwe fouy lan, nomalman AUSA lan fet pou swa founi kopi pa koutwazi a lòt defandan yo ki nan ka a, oswa notifye l òt avoka defans lan sou disponibilite materyèl yo pou enspeksyon yo e pou yo kopye yo. Yon AUSA ki konsidere pwodwi materyèl ke yo jwen pa manda fouy sa a a avoka yon de defandan nan ka a pa fet pou pwodwi yo a lòt defandan ki konsilte ak sipevize li pou konsey.

Lè fouy yo efektuye pa yon lòt fason ke pa manda, pa egzamp pa konsantiman oswa fouy san manda, AUSA yo pral fasilite dekouvet lan pou ke yo ka eliminen delè ak pouswit ki pa nèsesè. Pa egzamp, yon deklarasyon ke yon defandan bay ke li dako a yon fouy nomalman pa rantre nan dekouvet la kouwe yon deklarasyon a lekri oswa anrejistre pa defandan an, oswa kouwe yon deklarasyon oral ke defandan an ta fè an repons a intewogasyon gouvenman an; AUSA fèt pou li remet dekouvet la de tout bagay sa yo le pli to ki posib. Rezilta fouy sa yo normalman se dekouvet ke yo ye, e dapre Lòd Estanda Dekouvet, kouwe “… obje tanjib… materyèl ki sije a preparasyon ka defans defandan an, oswa sa gouvenman an gen entansyon sevi kouwe prèv… oswa sa yo vin jwenn de oswa te pwopriyete defandan an.” Nan sitiasyon ki mande dekouvet, fok li disponib imedyatman ak kleman.