Skip Navigation
Paj Biwo Avoka Etazini

Deklarasyon Misyon

Misyon Biwo Avoka Etazini, Distrik Sid Eta la Florid se pou anfose ak defan lwa Etazini Damerik, spesifikman, pou govenman Federal la menen ka kriminel yo devan lajistis; pou ke payi Etazini defan ak menen devan lajistis ka sivil yo; e pou koleksyon det ke moun douwe govenman Federal la ki nomalman paka kolekte administrativman.

Avoka Etazini an pou Distrik Sid Eta la Florid lan se chef ofisye federal pou anfosman lalwa pou Distrik lan. Distrik Sid Eta la Florid gen yon sifas jeografik ki apepre 15,197 mil kare ki rive jouk sid nan Key West, rive nan nò nan vil Sebastien e nan wès nan vil Sabring. Distrik Sid lan inkli konte Miami-Dade, Broward, Monroe, Palm Beach, Martin, St. Lucie, Indian River, Okeechobee ak Highlands.

Biwo Avoka Etazini an gen apepre 233 Avoka Asistan Etazini e apepre 227 anplwaye sipo. Biwo santral la chita nan Miami, Florida. Gen twa biwo sikisal, ak anplwaye, ki nan vil Fort Lauderdale, West Palm Beach ak Fort Pierce e gen yon biwo sikisal, san anplwaye, nan Key West. Gen yon biwo Zon A Wo Nivo Trafikan Dwog (HIDTA) [High Intensity Drug Trafficking Area] nan West Miami-Dade (Wès) ak yon Fasilite Fwod Swen Lasante [Health Care Fraud Facility] nan vil Miramar.