This is a condensed, translated version of the 2020 Census website in Haitian Creole.

Sa a se yon rezime tradiksyon vèsyon ki nan 2020census.gov la. Klike la a pou retounen sou sit konplè a nan lang anglè ak panyòl.

Skip Header

Resansman 2020 | Biwo Resansman Etazini

Prepare Avni W.

KÒMANSE ISIT LA.

  

PATAJE:
#008556

Biwo Resansman an sispann kolekte repons pou Resansman 2020 an. Paj sa a afiche enfòmasyon jeneral sou kontaj la, epi sou rezon k fè rezilta yo enpòtan pou kominote ki toupatou nan peyi. Mèsi pou repons ou!

Kisa Resansman an ye?

Resansman 2020 an konte tout adilt, tibebe, ak pitit k ap viv nan peyi Etazini. Resansman sa a fèt chak dizan nan Biwo Resansman Etazini a, yon ajans gouvènman an.

An overhead look at a suburban community.
#007E8F

Poukisa li Enpòtan

Resansman an bay done kritik ki ka afekteafèkte plizyè aspè nan lavi ou. Lejislatè, pwopriyetè biznis, pwofesè, al lòt moun itilize done sa yo chak jou pou bay sèvis, pwodui, ak sipò nan kominote ou a.

distributing-funds-teal

Chak ane, yo depanse plizyè milya dola pou lopital, ponpye, lekòl, wout, ak lòt resous selon done ki soti nan resansman an.

representation-teal

Rezilta resansman an detèmine kantite syèj chak eta gen nan Kongrè a, epi yo itilize yo pou trase limit nan distri vòt yo.

constitution-teal

Epitou, Konstitisyon Etazini an egzije li: Atik 1, Seksyon 2, mandate pou peyi Etazini konte popilasyon li chak 10 lane. Premye fwa yo te konte popilasyon an se te nan lane 1790.

#205493

Pwoteksyon Enfòmasyon Prive ak Sekirite

Nou pral itilize repons ou bay yo sèlman pou jenere estatistik.

Woman smiling and using her phone while holding her baby.

Lalwa egzije Biwo Resansman an pwoteje repons ou yo epi kenbe yo totalman konfidansyèl. Sa ki pi bèl la, tout anplwaye an sèmante pou yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou yo avi.

Dapre Tit 13 ki nan Kòd Lwa Etazini an, Biwo Resansman an pa gen dwa pataje okenn enfòmasyon ki ka idantifye oumenm, fwaye ou, oswa biznis ou, menm avèk moun ki plase kòm otorite pou fè respekte lwa. Lwa a garanti yo pwoteje done prive ou epi okenn ajans gouvènman oswa tribinal gen dwa itilize repons ou yo kont ou.

#008556

Resansè yo nan Vwazinay ou a

Pandan ane k ap vini an, ou gendwa remake resansè nan vwazinay ou a.

Close-up of a census taker's hand holding a mobile phone.

Sa a se yon pati nòmal Resansman 2020 an. Ou gendwa wè travayè resansman yo nan zòn ou an pou plizyè rezon diferan:

  • Y ap verifye adrès pou prepare pou resansman an.
  • Y ap vizite kay pou resansman an oswa lòt sondaj Biwo Resansman an.
  • Y ap depoze enfòmasyon sou resansman an.
  • Y ap verifye travay ki gen rapò ak resansman an.

Nan mwa me 2020, resansè yo pral kòmanse vizite kay ki poko reponn Resansman 2020 an pou garanti yo konte tout moun.

#9B2743